Football
Jodi a se delè pou tout 32 ekip yo kap patisipe nan koup du mond la an Almay ap publiye lis 23 jwè yo. FIFA ap anonse lis ofisyèl la Jedi 18 Me pwochen.
Antrenè seleksyon Brezil la Carlos Alberto Parreira publiye lis 23 jwè kap patisipe nan koup du mond san oken supriz. Roque Junior pa nan lis la. Fè eksepsyonèl gadyen Sao Paolo a Rogerio Ceni ki make plis pase 50 gòl swa sou kou fran ou byen sou penalite jwen yon plas kòm 3 zièm gadyen rezèv.
Atakan klub football Angle Liverpool Fernando Morientes pa fè pati seleksyon Espayòl la. Anrenè Luis Aragones di li prefere mete aksan sou defans olye de atak epi li seleksyone jwè ki jwe fason li prefere.
Antrenè seleksyon Japon an Brezilyen Ziko ki nan menm group ak Brezil di li seleksyone jwè an fonksyon de eksperyans yo. Gen kèk ki suprann federasyon football japonè a men Ziko di se responsabilite l. Japon nan menm group ak Ostrali, Brezil ak Kwasi nan group F la.
Jodi-a tou komite òganizatè a ap akeyi premye patisipan nan konpetisyon an seleksyon Togo a kap fè premye vwayaj li nan yon koup du mond. Togo sot pèdu 2 a 1 devan Meksik semen pase a nan kad yon match amikal chofe jarè ki jwe ant 2 seleksyon yo.
FIFA Nouvèl sou koup du mond la FIFA dakò pou l fè chanjman nan règleman anti dopaj yo pou l kapab aliyen an mezu Ajans Anti Dopaj Mondyal la avan koup du mond la. Semen pase a responsab Ajans Anti Dopaj Mondyal la te menase pou l ekspulse football je zolenpik yo si FIFA refuze obeyi a nouvo kòd anti dopaj la nan objektif pou konbat utilizasyon dròg nan spò. CN-65
Komisè gouvènman Italyen entèroje direktè jeneral Juventus de Turen Luciano Moggi yon jou apre li demisyone swit ak yon gwo eskandal ki frape footbal Italyen an. Komisè gouvènman nan vil Naples, Turen, Rome, Parma ap ankete sou aranjman match football ak enpak abit yo jwe nan paryaj kap fèt sou match football. Eskandal sa yo rive nan moman Juventus de Turen ranpòte chanpyona nasyonal la pou yon 2 zièm ane afile ak yon total 29 tit apre yon viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Reggina yè Dimanch la.
La polis Polonè arete plis pase 200 moun nan Varsovi pami supòtè yon klub lokal nan moman yo tap manifeste tit klub la ranpòte nan chanpyona nasyonal la. 30 polisye blese nan lese frape a--yon atitud ki bay kè sote an Almay lè Polonè yo ap patisipe nan koup du mond la.
Responsab yo klub football Angle Chelsea anonse kapitèn seleksyon Alman an kap jwe nan Bayern de Muchick Ballack ap vinn jwe nan klub la apre koup du mond la.
D.C United ranpòte yon viktwa 2 a 1 devan Kansas City Samdi apre midi isit Washington pou l okipe premyè pozisyon nan Konferans de Lès la ak 14 pwen. Antrenè D.C United Peter Nowak fè n konnen yo reyalize objektif yo tap pouswiv le fè yo reyalize objektif nou ki se te "ranpòte yon viktwa pou n okipe premye pozisyon nan konferans de Lès la. Mwen kwè viktwa a enpòtan pou jwè yo ak òganizasyon an."Sepandan rezulta rankont la pa reflete kalite match la akoz 2 ekip yo te fè tout efò posib pou yo ranpòte la viktwa. Match la dure 1 heure 53 minit ak patisipasyon 18, 345 fanatik ki te fè deplasman an. Te gen anpil suspens nan fen rankont la kote 2 ekip yo rate yon seri de opòtunite men pèfòmans gadyen yo te anpeche skò a chanje.
NBA
Miami Heat ap domine semi final Konferans de Lès la ak 3 viktwa kont yon defèt apre li kale New Jersey Nets 102 a 92. 2 ekip yo ap rankontre demen Madi nan Miami nan okazyon 5 kièm rankont la kote Miami bezwen yon viktwa pou l kalifye nan final konferans la pou yon 2 zièm ane afile. Nan konferans de Lwès la Los Anjeles Clippers kale Phoenix Suns 114 a 107 pou l egalize seri 7 match semi final la ak 2 viktwa patou. 2 belijeran yo ap rankontre demen Madi a.
Atletisme
Tribunal abitraj spòtif nan Lauzan n rejte demand an apèl atlè grèk Konstantinos Kenteris ak Ekaterina Thanou te fè pou pèmèt yo retounen nan konpetisyon. Tribunal la di yo refuze leve entèdiksyon pwovizwa kap peze sou do atlèt juskaske yo pwononse yo si wi ou non 2 atlèt Grèk yto merite yon suspansyon apre yo te rate 3 tès droèg pandan dewoule je zolenpik Atè n 2004 yo. Tribunal la, ki pral panche sou dosye a le 26 Jwen, ap rann yon vèdik 2 ou byen 3 jou apre.
Tennis
Adolesan Espayòl Rafael Nadal kale Swis Roger Federer 6-7, 7-6, 6-4, 2-6, 7-6 pou l ranpòte chanpyona dè mèt Rom nan. Rus Nadia Petrova te bezwen 3 manch 4-6, 6-4, 7-5 pou l kale bèlj Justine Henin-Hardenne e ranpòte koup Open Berlen an.