Accessibility links

Breaking News

Komite Direktè Juventus de Turen Demisyone an Blòk


Football

Komite direktè Juventus de Turen demisyone an blòk apre eskandal ki enplike responsab klub la. Desizyon an pran 3 jou avan fen sezon regulye a ak Juventus de Turen ki pral ranpòte chanpyona a pou 2 zièm ane afile ak total 29 tit.

Nouvèl sou koup du mond Antrenè seleksyon Gana a Ratomir Dujkovic publiye lis 23 jwè seleksyon an ki gen yon melanj jwè lokal ak lòt kap evole a letranje. Bò kote pa l Kwasi publiye yon lis 24 jwè ak posibilite pou elimine yon jwè e mete lis a 23 disi 15 Me.

La Frans pwomèt pou l publiye lis Dimanch pwochen. Antrenè seleksyon Brezil la Carlos Alberton Parreira fè konnen si Brezil kapab bat Almay si yo rankontre nan final koup du mond la. Parreira rekonèt Almay kapab pwofite pou l pran revanch defèt li te subi nan dènye koup du mond la ak koup Konfederasyon an.

An match amikal entènasyonal Beljik kale Arabi Sawoudit 2 a 1 nan kad preparatif Arab yo ap fè pou koup du mond la. FIFA anonse lap publiye lis definitif patisipan nan koup du mond le 18 Me.

Antrenè seleksyon Trinidad and Tobago Leo Beenhakker pral gen yon gwo travay pou l fè nan koup du mond la apre seleksyon an fè match nul 1 a 1 a Pewou apre yon seri de jwè gen pwoblèm tankou blese. Pifò seleksyon yo ap evolye a letranje

Demen swa isit Washington D.C United ap rankontre ak Kanzas City Wizards nan kad chanpyona football balonwon premyè divizyon ameriken an.

Seleksyon Nasyonal Ekosè a wouze Bulgari 5 a 1 nankoup Kirin nan kap dewoule nan Kobe O Japon. Japon, ki te pèdu match douvètu a devan Bulgari 2 a 1 Madi nan Osaka, ap rankontre ak Ekosè yo nan Saitama demen Samdi a.

OLYMPICS

Responsab komite òganizatè je zolenpik dete 2012 yo nan vil Lond, David Hinggins fè konnen delè pou jwen tèt pou konstrui enstalasyon spòtiv yo kapab kreye yon seri de pwoblèm. Kontruksyon vilaj olenpik la kapab kòmanse nan debu ane 2008 pandan ke konstruksyon pou stad, enstalasyon aquatics ak medya yo ta dwe depute nan fen ane 2008 la.

Tennis

Rus Nadia Petrova ak chinwa Li Na kalifye pou semi final tounwa tenis Open Berlen an apre yo elimine Dinara Safina ak Swis Patty Schnyder.

Boxe

Ansyen chanpyon Konsèy Mondyal Boks la kategori 66 kilo Nikaragweyen Ricardo Mayorga teste pozitif pou uzaj anabolizan apre defèt li subi Samdi devan ameriken Oscar de la Hoya. Msye gen 20 jou pou l bay eksplikasyon.

Tenis

Espayòl Rafael Nadal ranpòte 50 tièm viktwa afile sou teren an tè batu apre li woule ak kout rakèt Britanik Tim Henman nan tounwa tenis dè mèt Rom 6-2, 6-2 pou kar de final la.

NBA.COM

Aswè a nan NBA a Miami Heat pral lakay New Jersey Nets--2 ekip yo ranpòte yon viktwa patou epi Los Anjeles Clippers ap akeyi Denver Nuggets.

XS
SM
MD
LG