Accessibility links

Breaking News

Surina m Kalifye pou 2 zièm Tou Koup Dò KONKAKAF la


Football

Atakan Arsenal , anglè Theo Walcott 17 tan ou ki pral gen 17 tan nan 2 mwa edmi, deklare “li choke e sezi” déske li wè non-l nan lis 23 jwè ke antrenè Sven-Goran Ericson retenu pou Mondyal Alamay 2006-la. Walcott pral tounen pi jèn jwè ki patisipe nan Koup du Mond pou Angletèr ou byen kui pote mayo ekip anglèz. Rekò-a nan men Way Rooney kiblese e kap eseye rekupere pou Mondyal-la.

Ann Itali : Selon anons antrenè Skradra Azzura-a , Marcello Lippi, atakan monegask Christian Vieri ak defansè Samdoria de Genes Aimo Diana pap patisipe nan Mondyal-la akoz blesur. Vieiri pral fè yon operasyon nan jenou.

Nan kadKoup Kirin-nan , yon konpetisyon pou prepare Mondyal-la, Bulgari Kale Japon 2 a 1. 4-Antrenè peyi Arjantinn, Jose Peker estime Gabriel Heinze( jwè Manchester United) ak barselonè Lionel Messi ap gentan geri atan pou yo ka patisipe nan Mondyal-la. Heinze rekòmanse jwe ak Manchester United apre 7 mwa ak yon pwoblèm nan jenou.

Seleksyon footbal feminen Jamayik la woule Sent Lusi 5 a 0 nan group C tounwa kalifikatif koup dò KONKAKAF la. Sen Kitts and Navis te fè anpil efò avan li kale Barbuda 3 a 2. Jodi a ekip yo ap remonte teren an lè St Kitts ap rakontre ak Sent Lusi epi Antigua e Barbuda pral mate balon fas a Jamayik. Surina m avanse pou pwochen tou eliminasyon koup dò KONAKAF la. Football Briefs Gadyen-d-bu seleksyon ameriken Tim Howard kap jwe nan Manchester United pral pase yon ti bout tan nan Everton dapre yon antant ki jwen ant 2 ekip yo. Howard fè pati seleksyon ameriken ki pral patisipe nan koup du mond la an Almay.

23 abit ki soti nan 21 peyi manb FIFA a seleksyon pou abritre rankont koup du mond Almay 2006 la. Abit Gwatemaltèk Carlos Batres te oblije abandone kous la pandan tès fizik la. Se abit Meksiken Marco Rodriguez. Pou la premyè fwa abit santral la kapab gen kòm asistans juj de liy ki soti nan menm peyi ak li ou byen nan menm konfederasyon. Itali ak Meksik se sèl peyi ki gen 2 abit nan konpetisyon an. Gen 5 abit ak 10 lòt juj de liy kap disponib pou ranplase abit ofisyèl yo nan ka ta gen yon pwoblèm. Responsab yo ap anonse trio abitral chak match 48 heures avan rankont la.

NBA

Phoenix Suns suprann Los Anjeles Clippers ak yon viktwa 130 a 123 nan yon match gason pa kanpe. Miami Heat tonbe devan New Jersey Nets 100 a 88 nan kad semi final konferans yo. Aswè a Cleveland Cavaliers pral lakay Detroit Pistons epi San Antonio Spurs ap akeyi Dallas Mavericks.

Asosyasyon Nasyonal Baketball Ameriken an non-men Chris Paul kap jwe nan New Orleans Hornets kòm meyè debutan pou ane a. Prezans Paul nan ekip New Orleans Hornets pèmèt yo ranpòte 38 viktwa konpare a 18 viktwa ane pase.

Ben Wallace kap jwe nan Detroit Pistons kòm meyè defansè pou ane a. Wallace resevwa pri a 4 fwa nan yon espas de 5 ane. Detroit ranpòte 64 viktwa pandan sezon an.

XS
SM
MD
LG