Gouvènman pwovizwa ayisyen an konvoke jodi a chanm depite a nan yon seyans ekstraòdinè kèk èdtan apre palmantè chanm bas la fin prete sèman. Renan Toussaint se korespondan sèvis kreyòl la nan Pòtoprens. Li di nou kondisyon yo pat reyini ditou yè nan lokal Palè Lejislatif la pou palmantè yo te prete sèman. Ata chèz pat gen ase, twalèt pat fonksyone byen e te gen blackout. Senatè yo dwe prete sèman jodi 9 me a.
Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute repòtaj Renan an.