Football
Nap demare ak nouvèl ki gen rapò ak koup du mond la. Nouvo patisipan Afriken yo se premye peyi kap rive an Almay kote yo pral patisipe nan koup du mond la. Togo kapab debake Lendi kap vini la. Angola ap rive le 20 Me. Sepandan Brazil ap debake le 5 Jwen akoz kèk pami jwè yo toujou nan chanpyona. Seleksyon ameriken an kapab rive le 2 Jwen.
Bermud ak Republik Dominikèn ranpòte la viktwa nan kad eliminatwa koup Dò konkakaf la ki tap dewoule nan stad Olenpik Felix Sanchez nan San Domingo. Bermud, ki gen 6 pwen nan group la woule Zil Vyèj Ameriken yo. Republik Dominikè n ki gen 6 pwen tou tronse Turks and Caicos. Jodi a Il Vyèj ameriken yo ap rankontre ak Turk and Caicos epi Dominikè n ap rankontre ak Bermud.Venkè tounwa a ap kalifye pou pwochen tou a.
Nan group C-a, ki gen ladann Antigua et Barbuda, Sen Kitts and Nevis, Saint Lucie ap kòmanse jodi a. 2 venkè nan round final Karayib la ansanm ak 2 seleksyon Amerik Santral ansanm ak Meksik pral jwen Kanada ak Etazuni pou koup dò Konkakaf la Feminen an an Novanm pwochen isit Ozetazuni. 2 finalis yo ap kalifye pou reprezante zòn KONKAKAF la nan koup du mond football feminen an kap dewoule an Chin an lan 2007. Ekip ki klase 3 zièm pral jwe yon match de baraj ale/retou kont yon seleksyon Azyatik.
FIFA eksprime satisfaksyonn apre li finn rankontre ak komite òganizatè koup du mond Almay 2006 la. Komite òganizatè a pwomèt pou l fè plis amelyorasyon plis nap raporche de debu konpetisyonan 9 Jwen. Seremoni douvètu a ap dure 20 minit ak posibilite pou responsab komite òganizatè a Franz Beckenbauer pa pran la pawòl nan sikonstans la.
Chanselye Alman Angela Merkel ap pran la pawòl pou souwete byenvenu delege 207 federasyon nan okazyon Kongrè FIFA a kap dewoule le 7 e 8 Jwen. Responsab yo anonse yap envite nan Kongrè a tout jwè ki te ranpòte yon koup du mond depi koup du mond la kòmanse. Ekip ki ranpòte koup du mond la se Brezil, Itali, Angletè, Arjantin, Urugwe ak la Frans.
Match amikal entènasyonal ki te dwe jwe ant Tunizi ak Koweit la anule dapre yon desizyon federasyon football Koweit la. Nouvèl yo pa di si Tunizi ap chache yon lòt seleksyon advès.
Soti 2 pou rive 8 Juyè vil Berlen ap teyat yon chanpyona football nan la rue ak patisipasyon 24 peyi. Se premye fwa ap gen yon chanpyona football nan la ri ak patisipasyon fanm ak gason. Chak ekip ap gen 5 jwè sou teren an.
Viktwa 2 a 0 F-C Barselòn ranpòte devan Espayòl pèmèt li ranpòte chanpyona espayòl la. Real Madrid fè match nul 3 a 3 ak Villarreal pou l fini an 2 zièm pozisyon apre Valans fè match nul 1 a 1 ak Atletiko Madrid. Bayern de Munich ranpòte chanpyona premye divizyon alman an.
Isit Ozetazuni New England Revolution pilon-nen Los Anjeles Galaksi 4 a 1. Huston Dinamo te fè anpil efò anva li kale F-C Dalllas 4 a 3. Kolonbus Crew ranpòte yon viktwa tou mens devan Real Salt Lake 1 a 0. D.C Unite tonbe devan Kolorado Rapids 2 a 0. Kansas City Wizards fè match nul 1 a 1 ak Chikago Fire.
Seleksyon feminen ameriken an woule Japon 3 a 1 nan kad yon match amikal ki jwe O Japon.
Federasyon Football Intènasyonal la FIFA menase pou l radye Cambòdj nan tout konpetisyon entènasyonal entèferans gouvènman nan nan zafè football peyi a--yon vyolasyon atik 17 FIFA a. Otorite yo revoke prezidan federasyon an Khek Ravy ki sot ranpòte eleksyon an
NBA
San Antonio Spurs ranpòte yon viktwa supriz devan Dallas Mavericks 87 a 85. 2 ekip yo ap rankontre demen swa lakay San Antonio. Nan lòt ki rankont Detroit Pistons pilon-nen Cleveland Cavaliers 113 a 86. Lebron James pa make yon pwen pandan2 zièè mitan an. 2 ekip yo ap rankontre demen swa. Aswè a New Jersey Nets pral lakay Miami Heat epi Los Anjeles Clippers ap vizite Phoenis Suns.
Asosyasyon Nasyonal Basketball Ameriken nonmen kanadyen Steve Nash kòm pibon pami bon jwè pou sezon an pou yon 2 zièm ane afile. Msye fini an premyè pozisyon devan Lebron James ak alman Dirk Nowitzki.
Tennis
Bèlj Olivier Rochus ranpòte tounwa tenis open BMW ki tap dewoule nan vil Munik. Msye kale konpatriòt li Kristof Vliegen 6-4, 6-2. CN-76 Arjanten David Nalbadian te bezwen 2 manch pou l kale Rus Nikolay Davydenko 6-3, 6-4 pou l ranpòte tounwa tenis Estoril la nan Portugal. Chinwa Zheng Li ranpòte kategori feminen pa fòfè apre konpatriòt li Li Na abandone apre yon kranp. Bèlj Kim Clijsters kale Rus Svetlana Kuznetsova 7-5, 6-2 pou l ranpòte tounwa tenis Varsovi a.
Tèt de seri numewo 3 Kwat Ivan Ljubicic ak espayòl David Ferrer elimine nan tounwa tenis dè Mèt yo kap dewoule nan vil Wòm an Itali. Slovak Dominik Hrbaty woule Ljubicic ak kout rakèt 5-7, 7-6, 6-4 pandan ke Arjanten Jose Acasuso kapote Ferrer an 2 manch 7-5, 6-0.