Nan peyi d Ayiti, Konsèy Elektoral Pwovizwa a ap pare pou l’pibliye aswè dimanch 7 me a rezilta final eleksyon lejislativ yo e nouvo palmantè yo ta dwe prete sèman demen lendi 8 me a, dapre Sekretè-Jeneral KEP a, Rosemond Pradel, ki te reponn kesyon Lavwadlamerik apremidi a.
Fè klik sou ralonj ki anlè foto a pou w tande tout interview a san manke moso.