Accessibility links

Breaking News

Almay Anonse li Poko ap Publiye lis Definitif Seleksyon an


Football

Antrenè Almay-la, Juergen Klinsman pa genyen pwojè anonse anvan dat limit 15 me-a li jwè ki pral reprezante Almay nan koup Du monde-lan. Federasyon Foutbòl almand-lan di yo dwe anonse non 23 seleksyone-yo nan vil Berlin. FIFA te rejte rekèt 32 antrènè Koup du mond-lan (pami-yo Klinsman) pou yo ranvwaye dat limit-la pi pre dat inogurasyon konpetisyon-yo ki ap demare le 9 Juin. Le 16 me, Seleksyon almand-lan pral patisipe nan yon festival pou fanatik-yo...e’l dwe jwe yon match 60 minut kont yon ekip amatè nan Manheim anvan li pran avyon nan menm apre midi-a pou yon peryòd antrè’nman 5 jou nan Sardaigne. Alman-yo pral subi yon lòt seri eprèv antré’nman pandan 9 jou nan vil Geneve, nan peyi Lasuisse, apati 21 Me kap vini-an; apre sa, yo va pran yon ti repo, anvan yo jwe ak Luksanbourg, nan Freibourg, le 27 Me. Pou match final preparasyon li-yo, Almay pral jwe ak japon nan Leverkusen le 30 Me e apre li pral woule balon le lendemain le 2 jwen kont Kolonbi nan vil Mochengladbach; le 9 juin lap rankontre ak Kosta Rika nan vil Munik nan okazyon ouvètu koup du mond la.

Jounal Frans Football rapòte antrenè selekson Togo a Otto Pfister konvoke nan seleksyon an Thomas Dossevi ki te pran nesans an Frans pou l vinn patisipe nan yon match amikal togolè yo ap jwe kont Arabi Sawoudit nan Rotterdam 14 Me. Dènye fwa Dossevi te jwe yon match football pou seleksyon an se te nan fen an 2002. An plis de Dossevi ki te pran nesans, antrenè Pfister kontakte Robert Martin ki te pran nesans an Frans nan yon fanmi Togolè. Seleksyon Espay la finn finalize plan pou l jwe yon match amikal kont Ejipt le 3 Jwen epi Kwasi le 7 Jwen. Avan rankont sa yo espayöl yo gen pou jwe yon lòt rankont kont la Rusi 27 Me.

Komite Òganizatè koup du mond la ansanm ak federasyon football ameriken an jwen yon antant pou pa mete drapo ameriken an nan otobus ki pral transpòte seleksyon an pandan koup du mond la pou rezon sekurite. Fabrikan otomobil Hyunday renmèt bay responsab yo 32 bus ak konfò modè n ki pral ala dispozisyon chak seleksyon. Bus la gen yon kapasite 44 pasaje. An plis de otobus 4 etwal yo konpayi a renmèt bay komite òganizatè a anviwon 1 lòt vwatu tout kategori ki pral sèvi pandan dewoulman koup du mond pou transpòte responsab, ofisyèl ak lòt dirijan.

Basketball

Chris Paul nan Ekip New-Orleans/ Oklahoma City Hornets, resevwa tit meyè debutan Asyasyon nasyonal baskètbòl Etazuni-an, NBA pou sezon 2005-2006-la. Msye te make plis pwen pase tout debutan nan 21 match li jwe pou seleksyon li-an; match kote li pa janm make pwens ke 10 pwen, trape bal ak rebond ou vòlè boul-la nan men ekip rival-yo. Minimòm pwen Paul make nan yon match se 16 pwen, 7 pass ke yo transfm̀e an baskèt, 5 rebond ominimòm e 2,24 ( pou lè li vòlè balon-an)

New Jersey Nets kalifye pou semi final rejyonal faz final NBA a apre yo kale Indiana Pacers 96 a 90 e ranpòte seri 7 match la ak 4 viktwa 2 defèt. New Jersey pral rankontre ak Miami Heat ki kale Chikago Bulls 113 a 96 pou ranpòte seri a 4 vikwa 2 defèt. Nan konferans de Lwès la Steve Nash make 32 pwen epi fè 13 pas ki make pwen nan viktwa 126 a 118 Phoenix Suns ranpöte an pwolongasyon devan Los Anjeles Lakers pou fòse yon 7 tièm rankont. Kobe Bryant make 50 pwen nan rankont. Venkè seri a ap rankontre ak Los Anjeles Clippers.

Gymnastik

Ekip Jimnastik Rus la fini nan tèt group chanpyona Jymnastik Eropeyen ki tap dewoule nan Volos an Grès. Answit nou jwen Ukrèn, FRans, Belarus, Woumani ki kalifye menm jan ak Almay, Itali ak la Swis.

Tennis

Ansyen chanpyon Roland Garos la espayol̀ Carlos Moya kale konpatriot̀ li Guillermo Garcia-Lopez 7-6, 6-4 pou l kalifye pou semi final tounwa tenis Portugal la. Albert Portas woule ameriken Justin Gimelstob 6-4, 6-3.

Bò kote meda m yo Italyen Flavia Pennetta te bezwen 3 manch pou l kale Grèk Eleni Daniilidou 6-2, 5-7,6-3 nan semi final la. Pennetta pral jwe nan semi final la kont chinwa Jie Zheng ki elimine Tchèk 6-1, 6-3. Lot semi final la ap mete bab poubab Chinwa a Li Na fas a franse Emilie Loit.

Numewo 2 tenis mondyal la Kim Clijsters kalifye pou semi final tounwa tenis Varsovi a apre li woule Italyen Francesca Schiavone ak kout rakèt 6-4, 6-4 pou l al rankontre ak Rus Elena Dementieva ki te bezwen 3 manch pou l kale Polonè Agnieszka Radwanska 5-7, 6-3, 6-1. Rus Anna Chakvetadze gen pou rankontre swa ak Rus Svetlana Kuznetsova ou byen ameriken Venus Williams.

XS
SM
MD
LG