Football
Antrenè seleksyon ameriken an fè yon modifikasyon nan seleksyon ki pral reprezante Etazuni nan koup du mond la. Chris Albright ap ranplase Frankie Hejduk ki gen yon pwoblèm ligaman.
Antrenè seleksyon Franse a Raymond Domenech ap kòmanse antrene nan fen mwa ak 23 jwè --li pap ajoute pè pap sou lis la. Domenech gen jusko 15 Me pou l publiye lis la. Kan dantrenman ap kòmanse soti 22 pou rive 26 Me. Juska prezan Domenech di li poko konnen ki lès kap gadyen titulè seleksyon an( Fabien Barthez, kap jwe nan Olenpik de Marseille ou byen Gregory Coupet kap jwe nan Olenpik de Lyon.)
Yon kou dèy sou koup du mond Almay 2006 la ak patisipasyon 32 ekip ki soti nan 6 kontinan. Konkakaf la gen 4 reprezantan. Amerik du Sud gen 4 reprezantan--Kontinan afriken an gen 5 reprezantan--Azi gen 4 reprezantan epi Ostrali gen yon reprezantan--kontinan Eropeyen an gen 14 reprezantan kap patisipe nan 18 tièm edisyon koup du mond-6 pami 32 patisipan yo ranpòte o mwens yon koup du mond--peyi sa yo se Brezil (5), òganizatè konpetisyon an Almay (3 fwa), Arjantin ak Itali 2 fwa yo chak epi la Frans ak Angletè yon fwa. 10 pami 32 patisipan yo òganize o mwen yon koup du mond. Federasyon Football Angle a non-men antrenè Middlebrough Steve McClaren kòm nouvo antrenè seleksyon an. Msye ap ranplase Swedwa Sven Goran Ericksson apre koup du mond la. McClaren jwen djòb la 6 jou apre antrenè Brezilyen Luiz Felipe Scolari ki abandone kous la akoz dapre li medya kap antre nan koze a. McClaren se aktuèl asistan antrenè seleksyon Angle a.
TENNIS
Vedèt tenis ameriken Venus Williams te bezwen 3 manch avan li elimine Swis Martina Hingis 4-6, 7-5, 6-4 nan tounwa tenis Varsovi an an Polòy.
Ameriken Serena Williams ki ranpòte 7 tounwa tenis Gran Shelem anonse lap rate 2 gran tounwa ane sa a akoz yon pwoblèm li genyen nan pye goch li. Serena di lap rate tounwa tenis Roland Garos la ak Wimbledon nan pandan li manifeste espwa pou l patisipe nan tounwa tenis US Open nan ou Flushing Meadow.
Rus Nikolay Davydenko elimine konpatriòt li Marat Safin an 3 manch pou kalifye pou kar de final tounwa tenis Estoril la kap dewoule nan Portugal. Rezulta final la se 4-6, 6-1, 6-2 an favè Davydenko. Bò kote meda m yo Italyen Flavia Pennetta ak arjanten Gizela Dulko kalifye nan kar de final tounwa a.
NBA
Lebron James krusifye Washington Wizards apre li make 2 pwen 3 sekond avan pwolongasyon an fini pou ede Cleveland Cavaliers ranpòte yon viktwa de justès 121 a 120. Washington Wizards te remonte yon defisi pandan 4 trièm kadè a pou voye match la an pwolongasyon. Viktwa pèmèt Cleveland Cavaliers ap men-nen 3 a 2 nan seri 7 match la. Lebron James make 45 pwen nan rankont la pandan ke Gilbert Arena make 44 pwen nan defèt Washington nan. Venkè seri a pral rankontre ak Detroit Pistons ki elimine Milwaukee Bucks 122 a 93 apre yo ranpòte seri a 4 viktwa kont yon defèt.
Yon total 30 jwè entènasyonal enskri pami 93 nouvo jwè ki pral patisipe nan tiraj oso NBA a 28 Jwen. Pifò jwè yo soti nan univèsite. Gen 26 jwè kap soti an Euròp--6 an Frans. Amerik du Sud ak Afrik gen yon grenn jwè epi Kontinan Azyatik la gen 3 jwè.
Ansyen vedèt basketball ameriken Charles Barkley rekonèt pwoblèm lap fè fas kòm nan jwe hazar fè l pèdu anviwon 10 milyon dola depi plizyè lane. Msye di menm lè li pap abandone men li bezwen kontwole fason lap parye lajan.
OLYMPIC
Reprezantan olenpik ameriken ap planifye pou vizite 5 vil kap chache detèmine posibilite pou yo ta òganize je zolenpik yo an 2016. Vil sa yo se Houston, Philadelphia, Chikago, Los Anjeles ak San Francisco.
Atletisme
Ansyen detantè rekò du mond 100 mèt ameriken Tim Montgomery plede non koupab pou akuzasyon ki ta fè konprann li menm ansanm ak yon seri de lòt reselè patisipe nan yon operasyoon blanchiman lajan ak fo chèk ki koute la bank plizyè milyon dola. Se gouvènman ameriken an ki akuze atlèt la ansnam ak plizyè endividu ki detounen chèk.