Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Endiferans Dezyèm Tou a Pa Fè Bliye Enpòtans Pwochen Palman an


Doktè Odler Robert Jeanlouie sot’ vizite Ayiti apre yon absans 15 an tandiske Doktè Marie Carmel Paul Austin retounen sèlman 8 mwa apre li te kite peyi a. Nan analiz ak obsèvasyon yo, yo tou 2 note kouman pwochen Palman an enpòtan malgre kondisyon eleksyon yo dewoule a.

Kanta pou jounalis Clarens Renois, ki se youn nan korespondan Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la nan Pòtoprens, gen plizyè rezon ki kapab eksplike patisipasyon trè fèb elektora a nan dezyèm tou vandredi 21 avril 2006 la. Pa egzanp, genyen mank motivasyon, yon kanpay ki te dire twò lotan, epi reyaksyon kèk sektè vizavi pwoklamasyon René Préval kòm gayan prezidansyèl 7 fevriye a.

Clarens Renois kwè rezilta yo fwa sa a ta dwe soti pi vit, puiske pat gen anpil moun ki vote e KEP a pat gen tout pwoblèm òganizasyon nou te wè nan permye tou a.

Pou w ka koute kòmantè sa yo, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG