Elektè Ayisyen yo pa sòti an mass al lage bilten nan 2zyèm faz eleksyon palmantè 2006 yo. Korespondan Sèvis Kreyòl la rapòte pat gen lïy moun men longè devan biwo vòt yo tankou pou eleksyon prezidansyèl e lejislatif 7 fevriye a. Plizyè santèn kandida ki prezante sou bannyè plis ke yon douzèn pati politik ap fè konpetisyon pou 127 syèj ki gen nan palman ayisyen an. Dapre konstitisyon 1987 la , ki tabli yon rejim palmantè nan peyi Dayiti, se chanm depite a ki pral genyen, an konsètasyon ak prezidan repiblik la, pou nonmen chèf gouvèman an--premye minis la-- si pati prezidan eli a pa genyen yon majorite klè nan palman an.
Pou yon kont-randi pasyèl sou jounen eleksyon 21 Avril la avèk jounalis nou yo, fè yon klik sou ralonj anlè atik la.