Accessibility links

Breaking News

Etazuni Klase Pami 5 Premye Seleksyon Mondyal


Football

Brezil,Republik Tchèk ak La Oland toujou 3 premye seleksyon mondyal dapre publikasyon FIFA mwa sa a. Etazuni klase 4 trièm answit nou jwen Espay, Meksik, la Frans, Portugal ki pataje 8 tièm plas la ak Arjantin epi Angletè konplete 10 meyè ekip mondyal.

Arsenal ap akeyi Villarreal nan kad 2 zièm match ale semi final Lig dè Chanpyon Eropeyen an. Villarreal pap gen sèvis libero ekip la arjanten Gonzalo Rodriguez kap soufri ak yon dechiru. Bolivyen Juan Manuel Pena pap prezan tou. Gadyen an Sebastien Viera ap purje yon suspansyon.

Yè swa nan San Siro an Itali, klub Football Espayòl FC Barselòn surpan Milan AC gras ak yon bout gòl franse Ludovic Giuly make nan 57 tièm minit. Yon viktwa msye Barselonè yo poko vle selebre an atandan match retou a. Match retou a fikse semen pwochen nan. Venkè yo ap rankontre an final le 17 Me nan stad de Frans la andeyò vil Pari.

Demi final ale Koup Unyon Football Eropeyen an ap demare demen lè klub woumen Steaua de Bucarest ap akeyi klub Angle Middlebrough epi klub alman Shalke 04 fas ak klub espayòl Seville.

Prezidan FIFA a Sepp Blatter fè konnen règleman anti rasis ap antre an aplikasyon pandan dewoulman koup du mond la an Almay. Mezu yo deja antre an aplikasyon depi 4 Avril. Men mezu yo ap antre an aplikasyon nan lig yo ane pwochè n. Fanatik ki komèt premye ofans la ekip la ap pèdu 3 pwen--6 pwen pou yon 2 zièm vyolasyon--desann nan yon divizyon enferyè--san bliye suspansyon teren-Fanatik ak dirijan yo kapab peye amand pou pawòl piman bouk yo kapab lanse kont yon ekip.

Otorite yo FIFA yo anonse yon antant yo jwen ak konpayi ayeryèn Emirat Airlines pou-l patwone tout konpetisyon FIFA pandan 8 tan a pati de 2007. Konpayi an dakò pou-l peye 195 milyon dola kòm transpò ofisyèl tout tounwa tankou koup du mond Afrik 2010 ak edisyon 2014 la ki kapab dewoule an Amerik du Sud. FIFA di lap chache lòt kooporasyon pou patwone konpetisyon soti 2007 pou rive a 2014 pou koup du mond ak koup konfedersyon yo.

Atletisme

Detantè rekò du mond Kenyan Paul Tergat pap patisipe nan marathon Lond la akoz blesu nan pye. Tergat se 2 zièm atlèt renonme ki pap patisipe nan konpetisyon an apre anons Britanik Paula Radcliffe te fè sa gen 2 semen. Pami kandida favori ane sa a nou jwen Etyopyen Haile Gebrselassie, Italyen Stefano Baldini, Maroken Jaouad Gharib ak ameriken Khalid Khannouchi.

Tennis

Numewo 1 tenis mondyal la Swis Roger Federer te bezwen 46 minit pou l elimine espayòl Alberto Martin 6-0, 6-1. Federer pral rankontre ak Benjamin Balleret ki kalifye apre franse Sebastien Grosjean te abandone akoz yon blesu nan do. Arjanten David Nalbadian kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis dè mèt yo kap dewoule nan Monte Carlo gras ak 2 manch 7-5, 7-5 li ranpòte devan Italyen Andreas Seppi. Nalbadian pral rankontre ak espayòl Tommy Robredo ki elimine Bèlj Olivier Rochus 7-5, 6-4. Arjanten Guillermo Coria te bezwen 3 manch pou l voye al bwa chat franse Paul Henri Mathieu 1-6, 7-6, 6-4 pou l rankontre ak alman Nicolas Kiefer ki woule franse Michael Llodra 7-6, 6-4.

NBA

Memphis Grizzlies kale Los Anjeles Clippers 101 a 95 yè swa--yon viktwa ki konplike espwa Grizzlies pandan faz final la ki klase an 5 kièm pozisyon. Sa vle di Memphis ap rankontre ak Dallas Mavericks, ki klase 4 trièm, nan premye tou kap kòmanse nan Weekend nan. Washington Wizards kale Milwaukee Bucks 116 a 103 pou l mete a yon match devan Chikago Bulls ak Indiana Pacers swa an 5 kièm pozisyon. Philadelphia 76ers kale New Jersey Nets 91 88. Allen Iverson ak Chris Webber rive nan stad la kèk minit avan debu rankont la-li pwobable 2 mesye yo kapab peye yon amand. Atlanta Hawks suprann bonanj Miami Heat ak yon viktwa 103 a 100. Sakramento Kings te fè anpil efo avan li kale Seattle Supersonics 111 a 103.

Cyclisme

Siklis espayòl Alejandro Valverde ranpòte kous bisiklèt Bèlj la men siklis Tom Boonen toujou rete nan tèt klasman jeneral toune pwovesyonèl la ak 129 pwen devan Italyen Alessandro Ballan ki gen 105 pwen.

XS
SM
MD
LG