Accessibility links

Breaking News

Yon Ayisyen ap Patisipe nan Maraton Boston nan


Atletisme

Ayisyen Valnèt Gedeon ap figure pami plizyè milye atlèt kap patisipe nan maraton Boston an. Kourè Etyopyen Hailu Negossie pral chache ranpòte konpetisyon an pou yon 2 zièm ane afile. Maraton Boston fè pati ane sa a yon sikwi ki gen ladan Lond, Berlen, Chikago ak New York.

Kourè Rus Albina Ivanova ranpòte pou yon 2 zièm ane youn dèyè lòt maraton Nagano o Japon. Kenyan Nephat Kinyanjui ranpòte kategori maskulen devan Rus Georgiy Andreyev ak chanpyon sòtan an Isaac Macharia.

NBA

Los Anjeles Lakers kalifye pou faz final NBA a apre yon sezon absans. Kobe Bryant make 43 pwen nan viktwa 109 a 89 yo ranpòte devan Phoenix Suns. Nan Miami Senegalè Luol Deng make 26 pwen nan viktwa 117 a 93 Chikago Bulls ranpòte devan Miami Heat. Viktwa ki pèmèt Bulls yo kalifye pou faz final la. Washington Wizards kalifye tou pou faz final la apre yo tronse Cleveland Cavaliers 104 a 92. Faz final la ap demare Samdi. Nan lòt rankont ki jwe yè Dimanch la Sant Antonio Spurs wouze Minnesota Timberwolves 103 a 90. Utah Jazz elimine nan faz final la apre defèt 111 a 95 yo subi devan Dallas Mavericks. Sakramento Kings jwen yon plas nan faz final konferans de Lwès la gras a yon viktwa 96 a 79 yo ranpòte devan New Orleans Hornets. Detroit Pistons danse sou New York Knicks 103 a 97. New Jerseys Nets ranpòte yon viktwa tou mens devan Boston Celtics 95 a 93 epi Seattle Supersonics woule Los Anjeles Clippers 114 a 98.

Football

Tajikistan woule Sri Lanka 4 a 0 pou l ranpòte inogurasyon tounwa footbal Koup Challenge Federasyon Football Azyatik la ki ta dewoule nan Dhaka, Bangladesh.

Sou kontinan Eropeyen an, pou yon 5 kièm ane afile Lyon ranpòte konpetisyon an gras ak yon viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan Paris Sen Jermen yè Dimanch la nan okazyon 34 trièm jounen chanpyona premyè divizyon franse a. Chelsea ki prèske ranpòte chanpyona Angletè a pwomèt pou l ede la Chin prepare seleksyon nasyonal ki pral patisipe nan je zolenpik Peken 2008 yo. Chelsea gen 9 pwen devan Manchester United apre 34 trièm jounen chanpyona football premyè divizyon Angle a.

Viktwa 1 a 0 FC Barselòn ranpòte devan Villareal mete l pi prè tit chanpyona premyè divizyon Espayòl la. Valans ki klase 2 zièm, wouze Espayòl de Barselòn 4 a 0 pou l rete a 11 pwen dèyè FC Barselòn ki bezwen yon viktwa weekend sa a pou l ranpòte chanpyona a.

An Almay Bayern de Munich kontinye ap lute pou wè si l ta ranpòte chanpyona Bundersliga a pou yon 20 tièm fwa nan istwa l apre viktwa 2 a 0 yo ranpöte devan Bielefeld. Bayern nan tèt klasman jeneral la ak 69 pwen swa 4 pwen devan Hambourg.

An Itali Napoli, ki ranpòte chanpyona Seri A Italyen an 2 fwa avan li te desann nan 3 zièm divizyon, remonte an 2 zièm divizyon Samdi gras ak yon swif 2 a 0 yo pase Perugia malgre manke 3 jounen pou chanpyona a fini. Juventus de Turen nan tèt chanpyona Seri A ak 81 pwen swa 5 pwen devan Milan A C.

Federasyon Football Rus la siyen yon kontra 2 zan ak antrenè Olandè Guus Hiddink pou l antrene seleksyon nasyonal la apre koup du mond la.

Federasyon Football Brezil la manifeste entansyon pou Brezil ta òganize koup du mond la an 2014 malgre prezidan FIFA te fè konnen Brezil pa gen oken enstalasyon spòtif pou òganize yon koup du mond.

Tennis

Ameriken Mardy Fish ranpòte tounwa tenis tenis Houston nan gras a 3 kout rakèt li pase Otrichyen Jurgen Melzer 3-6, 6-4, 6-3.

Rus Nadia Petrova te bezwen 3 manch 6-3, 4-6, 6-1 pou l kale Swis Patty Schnyder e ranpòte tounwa tenis Family Circle la ki tap dewoule nan Charleston an Karolin du Sud.

Cyklisme

Siklis Luksanbourjwa Frank Schleck rannpòte 41 nièm edisyon kous bisiklèt Amstel la ki tap dewoule nan la Oland.

Olympics

Òganizatè Je zolenpik Peken yo an Chin nonmen sineyast chinwa Zhang Yimou pou òganize seremoni douvètu ak klotu Je zolenpik 2008 yo.

XS
SM
MD
LG