Football
Tèt dafich nan okazyon 34 trièm jounen chanpyona Italyen ap mete bab pou bab Inter de Milan fas a Milan A.C. An Angletè Manchester United kapa mete presyon sou lidè chanpyona a Chelsea lè yap rankontre Sunderland nan 34 trièm jounen chanpyona. Chelsea gen 82 pwen aloske Manchester gen 75 pwen. 33 zièm jounen chanpyona espayòl la ap mete bab pou bab jodi a FC Barselòn kont Villarreal. 2 ekip yo ap sèvi ak rankont la an preparasyon ak match semi final ale koup dè chanpyon an ant Milan A C fas ak Barselòn epi Villarreal pral jwe kont Arsenal. Lòt an je ki gen nan rankont-la Barselòn bezwen yon viktwa pou asure l tit chanpyona a aloske Villarreal bezwen yon viktwa pou l kalifye pou koup UEFA a. Real Madrid, Valans ak Osasuna ap lute dèyè 2 zièm plas nan chanpyona espayòl la.
Federasyon Football Entènasyonal la fè konnen li pa gen oken otorite legal pou bloke prostitisyon fòse pandan dewoulman koup du mond la an Almay. Nan yon deklarasyon prezidan FIFA a Sepp Blatter publiye jodi a li fè konnen pandan ke li respekte di la vi ak entegrite fizik tout moun, li pa gen oken dwa legal pou regularize pwostitusyon. Msye Blatter fini pou di pwostitusyon se responsabilite tout otorite ak palmantè yon peyi a.
Vedèt football arjanten Lionel Messi, kap jwenan Barselòn, agrave yon blesu li te genyen. Sa vle di msye pral rate rankont semi final ale e retou Lig dè chanpyon ant Barselòn ak Milan A-C. Messi kapab rann li an Arjantin semen pwochèn nan kote li kapab pase 8 jou ap repoze l. Doktè yo di msye kapab jwe nan final Lig dè chanpyon an si Barselòn elimine Milan A.C nan semi final la.
NBA
Orlando Majik toujou ap lute pou l kalifye pou faz final NBA a apre viktwa 92 a 80 yo ranpòte devan San Antonio Spurs. Viktwa a mete Orlando ak 5 match dèyè Chikago Bulls ak Philadelphia 76ers ki klase 8 tièm. San Antonio Spurs yo gen 3 match nan tèt konferans de Lwès la apre defèt Dallas Maverick subi devan Phoenix Suns 117 a 104. Cleveland ki kalifye pou faz final la woule New York Knicks 91 a 87. Antrenè New York Larry Brown te oblije ale lopital apre li te santi yon malèz pandan rankont la.
Tennis
Ameriken Vince Spadea ak Mardy Fish pral boukante rakèt nan kar de final tounwa tenis Houston nan. Bèlj Justin Henin-Hardenne te bezwen 2 manch pou l kale Kwat Karolina Sprem 6-4, 6-4 pou l kalifye nan kar de final tounwa tenis koup Family Circle la. Hardenne pral rankontre ak Rus Dinara Safina ki te bezwen 3 manch pou l debarase l de Ukrenyen Julia Vakulenko 6-7, 6-2, 6-2. Nan lòt kar de final Rus Nadia Petrova pral rankontre ak Kolonbyen Catalina Castano. Swis Patty Schnyder ap rankontre ak franse Nathalie Dechy. Rus Svetlana Kuznetsova ap rankontre ak venkè rankont kap dewoule ant alman Anna-Lena Groenefeld ak espayòl Anabel Medina Garrigues. Venkè tounwa ap ranpòte 196 mil 900 dola.
Ciclisme
Siklis ameriken Sarah Hammer ranpòte meday dò nan chanpyona atletis mondyal kap dewoule nan vil Bordo an Frans. Konpetisyon an fini Dimanch.