Accessibility links

Breaking News

Ayisyen Nan Florid Pote Kole ak Mouvman Imigran yo


Nan Dallas, San José, Los Angeles, Miami, toupatou ozetazini plizyè dizèn milye imigran ak senpatizan yo pran beton an soti samdi pou rive lendi kote yo t'ap mande respè ak rezidans pou moun ki san papye yo.

Nan Miami, anpil Ayisyen te pote kole tou ak plizyè lòt gwoup pou manifeste anfavè dwa imigran. Sa rive nan moman lidè kominotè Ayisyen yo ap fè efò pou ede plis ke 40 refijye Ayisyen ki te debake toupre Miami sa gen sèlman kèk jou. Nou pale ak responsab Kowalisyon de baz Ayisyen-Ameriken nan Miami, Jean-Robert Lafortune. Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute interview sa a.

XS
SM
MD
LG