Baskètball
Aswè a final basketball Univèsite a ap dewoule nan Indianapolis lè Florida Gators pral mate balon fas a UCLA. Antrenè UCLA Ben Howland pwomèt ekip la ap adapte l ak yon seri de stil varye."Nou kapab jwe sepandan nou vle jwe. Men a la fen se defans epi jere balon an sou tout teren an." UCLA pral dèyè yon 12 zièm tit chanpyon pandan ke Florida pral chache premye tit li. Cedric Bozeman, ki jwe nan pozisyon avan espere fanatik yo ap konpran ekip la:"Mwen pa kwè fanatik yo suprann anpil. Nap viv nan yon lòt mond. Se mantalite n. Nou se yon ekip ki jwe defans. Mwen kwè fanatik yo espere la viktwa olye de espektak. "
Lakay meda m yo se demen swa final la ap dewoule lè Univèsite Maryland pral rankontre ak Duke--2 ekip ki soti nan yon menm konferans.
Bò kote pwofesyonèl yo, Detroit Pistons ap jwe plis rankont faz final la a domisil apre viktwa 109 a 102 li ranpòte devan Phoenix Suns. Detroit gen pi bon palmarès nan konferans de Lès la devan Miami Heat ki pèdu devan New Jersey Nets. Dallas Marvericks pilon-nen Denver Nuggets 103 a 79. Pou yon 23 zièm fwa pandan sezon an Kobe Bryant make 40 pwen pou pipiti pandan sezon regulye a. Yè swa Bryant make 43 pwen pou ede Los Anjeles Lakers pilon-nen Houston Rockets 104 a 88. Minnesota Timberwolves, Memphis Grizzlies, Cleveland Cavaliers, New Orleans Hornets, Seattle Supersonics ak Sakramento Kings yo tout ranpòte la viktwa.
Football
D-C United fè match nul 2 a 2 ak New York Red Bulls yè Dimanch la isit Washington. Premye mitan an te fini 2 a 0 apre New Yorkè te make 2 gòl pa konprann. Nan 2 zièm mitan an D-C United te ogmante presyon an juskaske yo Alecko Eskandarian, ki te antre nan 2 zièm mitan, make yon gòl epi Arjanten Facundo Erpen make gòl egalizasyon an. Yon efò antrenè Peter Nowak salye ak satisfaksyon."Ti msye yo te bay New York Red Bulls yon bon repons-mwen kontan pou fason yo jwe. Gen anpil travay pou fèt men nou byen demare."
Nan lòt rankont Houston Dinamo Wouze Colorado Rapids 5 a 2. Fabrice Noel ki te antre nan premye mitan an pat kapitalize 2 opòtunite li te jwen lè l parèt fas a fas ak yon defansè. Chivas USA pilon-nen Real Salt Lake 3 a 0.
Demen Madi a nan stad San Siro nan vil Milan an Itali Milan AC ap akeyi Lyon nan kad kar de final retou Lig dè Chanpyon Eropeyen an. Inter de Milan, ki pral lakay Villarreal, te ranpòte match ale a 2 a 1. Klub espayòl la bezwen yon viktwa 1 a 0 pou l pase nan semi final la.
Yon medyatè Swedwa ki an favè egalite seksuèl mande pou ekip Nasyonal la boycote koup du mond Almay 2006 la an siy de pwotestasyon sou trafik moun ki gen rapò ak pwostitusyon. Komisyon dwa meda m yo nan Palman Eropeyen an, pwostitusyon ogmante seryezman sou kontinan an pandan manifestasyon spòtif ak lòt evenman entènasyonal la. Yon responsab pwotestan alman estime anviwon 40 mil pwostitye ap vini an Almay kont volonte yo pandan koup du mond la.
Konsèy Nasyonal Etik football franse ke Dominique Rocheteau ap dirije, deside sispann pou 3 mwa prezidan klub Olenpik de Marseille ak Pari Sen Jermen epi retire 1 pwen sou yo chak apre evenman ki te make rankont football 5 Mas la lè klub Marseille la pat mete sou teren ekip premyè divizyon an. Konsèy la mande pati konsène yo pou yo siyen yon pwotokòl dakò avan le 30 Jwen sou kesyon plas pou fanatik yo asiste yon rankont.
Seleksyon Nasyonal Togo ki nan menm group ak La Frans ap jwe 2 match amikal chofe jarèt avan koup du mond la. Togolè yo gen pou rankontre ak Arabi Sawoudit nan Amsterda m le 14 Me epi kont Liechstenstein nan yon dat yo pok anonse. Togolè yo kapab jwe yon lòt rankont le 28 Me kont klub 2 zièm divizyon Bayern de Munich ak yon seleksyon lokal.
Antrenè seleksyon Meksik la Ricardo Antonio Lavolpe publiye yè dimanch la yon lis pwovizwa 26 jwè san prezans atakan Cuauhtemoc Blanco pou rezon taktik e disiplinè. Meksiken yo ap jwe 2 match amikal kont 2 seleksyon--youn Ozetazuni e lòt la nan stad Aztèk la avan yo rankontre ak La Frans le 27 Me epi la Oland le 1 Jwen.
An Almay Bayern de Munich fè match nul 2 a 2 fas a FC Colòy ki an dènye pozisyon nan Bundersliga a. 69 mil fanatik te asiste rankont la. An Espay FC Barselòn pran distans li ak 11 pwen nan chanpyona Espayòl la apre yo fè match nul 1 a 1 ak Real Madrid nan okazyon 31 nièm jounen chanpyona espayòl la. An Angletè Manchester United ki kale Bolton 2 a 1 redui a 7 pwen distans-li dèyè lidè chanpyona Chelsea ki fè match nul 0 a 0.
Tennis
Numewo 1 tenis mondyal maskulen Swis Roger Federer monte yon maswife an 3 tie break pou l kale Kwat Ivan Ljubicic 7-6, 7-6, 7-6 e ranpòte tounwa tenis Key Biscayne nan pou yon 2 zièm ane afile. Federer gen yon palmarès 28 vikwa 1 defèt depi ane a kòmanse.
Ciklisme
Chanpyon du mond siklis Bèlj Tom Boonen ranpòte 90 zièm edisyon kous bisiklèt Tour Flanders la an Beljik pou yon 2 zièm vwa. Msye kouvri distans 258 kilomèt la an 6 zè--30 minit-18 sekond swa yon sekond devan konpatriòt li Lief Hoste ak ameriken George Hincapie.
Olenpik
Dirijan spòtif mondyal reyuni nan Sewoul an Kore du Sud pou diskute preparasyon ak lòt kesyon ki gen rapò ak pwochen je zolenpik divè yo. 900 delege ki soti pami 199 peyi sou yon total 203 manb ap patisipe. Pandan reyunyon 3 jou a asanble jeneral la gen pou elu yon nouvo prezidan. Komite Ekzekutif la ap reyuni 7 Avril. An plis de preparasyon pou je zolenpik Peken 2008 yo, komite a gen pou l verifye pwogrè je zolenpik 2010 yo nan Vancouver epi Je zolenpik dété 2012 yo nan vil Lond.
Atletisme
Kourè Britanik Paula Radcliffe ki ranpòte marathon Lond la 3 fwa, pap patisipe nan konpetisyon an akoz yon blesu nan pye. Maraton an fikse pou 23 Avril. Manmzèl pat patisipe nan je Commonwealth Britanik yo
Kourè Kenyan Paul Kosgei ranpòte semi maraton ki sot dewoule nan vil Berlen an Almay. Kenyan Edith Masai ranpòte kategori meda m yo.
Kourè Etyopyen Kenenisa Bekele ranpòte doub vikwa pou yon 5 kièm ane afile nan kous Cross Country ki sot dewoule nan Fukuoka o Japon devan konpatriòt li Sileshi Sihine ak Kenyan Martin Irungu Mathathi.