Nan moman Konsèy Elektoral Ayisyen an ap pare pou l òganize 2e tou eleksyon lejislativ yo, anpil elektè nan Plato Santral la, pi ekzateman nan Mirebalais, ap plenyen pou pwoblèm ki sanble vle poze nan nivo Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) pou livrezon kat elektoral yo anvan jou eleksyon an.
Antretan, nan Depatman Grand-Anse lan, pwochènman, manman pitit ak ti moun komùn Koray ak Abriko pral kapab resevwa yon meyè kouvèti sanitè pou redui kantite ti lèzanj kap mouri akòz mank swen medikal prevantif. Korespondan nou Luckner Laguerre di nou se Ajans Intèmariken Pou devlopman USAID kap finanse pwojè sa a.
Epi, isit nan Washington, Sekretè-jeneral OEA (Organisations Etats Amerikens) Miguel Insulza, inogure vandredi 31 mas nan Washington yon rankont pou diskite sou grip bèt volay la. Marie-Luce Pierre te kouvri Dosye sa a pou nou.
Fè yon klik gòch sou ralonj ki anlè tèks la pou n' koute devlopman nouvèl yo avèk Jean L. Desmarattes, Jacquelin Bélizaire kap prezante korespondan yo.