Accessibility links

Breaking News

Yon Jamayiken Figure sou Lis 23 Abit FIFA Seleksyone pou Koup du Mond la


Koup du Mond Almay 2006

FIFA non-men 23 abit ki pral dirije 64 match koup du mond la an Almay. Abit reprezante 23 peyi. 10 pami yo soti sou kontinan Eropeyen an, 5 nan Amerik du Sud la, 3 nan Konkakaf la (Meksiken Benito Archundia, Gwatemaltèk Carlos Batres ak Jamayiken Peter Prendergast ), 2 an Azi ak 2 lòt yo an Afrik ak yon lòt ki soti nan Oseyani. Nan fen mwa Avril la responsab yo pral non-men juj de Liy yo. Gwatemaltèk Carlos Batres ak Bèlj Frank de Bleeckere dwe subi plis tès avan nominasyon an definitiv.

Nouvo Stad Wembley an Angletè ap pare juskan 2007 apre responsab yo rekule dat la. Konpayi kap konstrui stad la te dwe fini konstruksyon yo jodi a menm.

Steaua de Boukarès fè match nul 1 a 1 kont Rapid de Boukarès nan kad kar de final ale chanpyona Unyon Football Europeyen an yon rankont ki te jwe anba gwo mezu sekurite. Shalke 04 benyen Levski de Sofia 3 a 1 epi Seville wouole Zenith de St Petersburg 4 a 1. FC Bal wouze Middelesbrough 2 a 0. Match retou a fikse pou Madi ak venkè yo ap kalifye pou semi final la.

Onzièm edisyon chanpyona nasyonal football balonwon ameriken an ap demare demen Samdi a ak chanpyon sòtan an Los Anjeles Galaksi kont New England Revolution. Chikago Fire kont FC Dallas epi Kansas City kont Colombus Crew. Gen 12 jwè MLS ki kapab konvoke nan seleksyon nasyonal la. Dimanch D-C United ap akeyi New York Red Bulls. Sezon an ap fini le 12 Novanm ak final konpetisyon kap dewoule nan Dallas Tekzas ant venkè 2 konferans yo.

NBA

San Antonio Spurs pilon-nen Los Anjeles Lakers ak yon viktwa 96 a 85 pou l rete nan tèt konferans de Lwès la nan moman manke 10 match pou sezon regulye a fini. Nan lòt rankont ki dewoule yè swa Phoenix Suns toupizi Indiana Pacers 114 a 104. Responsab yo retrete mayo numewo 31 ansyen vedèt ekip la Reggie Miller. Demen Samdi a semi final chanpyona nasyonal Univèsite yo ap dewoule nan Indianapolis, Indiana. George Mason fas ak Florida kap konte sou vedèt franse Joakim Noah pitit gason ansyen jwè tenis Yanick Noah.

TENNIS

Final tounwa tenis Key Biscayne nan ap dewoule an Rus Maria Sharapova kont Svetlana Kuznetsova. Nan Semi final maskulen an jodi a Swis Roger Federer kont espayòl David Ferer.

XS
SM
MD
LG