Accessibility links

Breaking News

Interview Prezidan Préval ak Lavwadlamerik


Prezidan eli ayisyen an Rene Preval rankontre ak enstitusyon finansye entènasyonal yo isit Washington jodi madi a apre li te pran la pawòl devan Konsèy Sekirite Nasyonzini an yè Lendi a. Apre yon vizit nan Bank Entèramerikèn Devlòpman maten an, pwochen lidè Ayiti a te reponn kesyon Cherubin Dorcil.

Nan “interview exclusive” sa a, Msye Préval raple objektif vire-won l’ap fè Ozetazini an, li deklare li ouvè pou l'kolabore ak tout sektè, pou yo ka patisipe nan vizyon li genyen pou Ayiti a, epi kanta pou Ayisyen aletranje yo, sa nou rele Diaspora a, youn nan premye eleman ki nan tèt li se kesyon doub nasyonalite a ak kreyasyon bon jan kondisyon pou pèt sitwayen Ayisyen sa yo patisipe kòmsadwa nan avansman peyi yo.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute ti koze Lavwadlamerik fè madi 28 mas la ak Prezidan-eli Ayiti a, René Garcia Préval.

XS
SM
MD
LG