Accessibility links

Breaking News

Kar de Final Ale Lig Chanpyon Europeyen an


Football

Kar de final ale chanpyona Lig dè Chanpyon Eropeyen an ap demare jodi a lè Juventus de Turen pral mate balon fas a Arsenal. Juventus ap gen sèvis youn nan vedèt ekip la Patrick Vierra. Lòt kar de final ap mete bab pou bab Benfica de Lisbon kont FC Barselòn.

An Almay òganizatè koup du mond la mobilize 15 mil volontè pou supòte konpetisyon an. 50 mil kandida ki soti nan 168 peyi te aplike pou ede pandan koup du mond la. Komite te pran anpil tan pou l seleksyone volontè yo. Pami faktè responsab pran an konsiderasyon pandan yon interview ki dure 30 minit--se motivasyon--konpòtman ak konesans lang etranjè tankou Angle ki obligatwa.

An Espay Real Madrid fè konnen li kapab seleksyone youn pami pibon 7 antrenè ki gen sou tè a pou antrene ekip la ki gen kèk tan depi li pa ranpòte yon konpetisyon. Non ki sou lis la se Antrenè Chelsea Portugè Jose Mourinho, fransè Arsene Wenger kap antrene Arsenal. Espayòl Rafael Benitez kap antrene Liverpool. Antrenè Italyen Carlos Ancelotti kap antrene Milan AC epi Fabio Capello kap antrene Juventus de Turen e Marcello Lippi antrenè seleksyon Italyen an epi Swedwa Sven-Goran Eriksson kap antrene seleksyon Angletè a.

NBA

New Jersey Nets ranpòte 9 vièm viktwa l nan NBA a apre li van-nen Phoenix Suns 110 a 72. Washington Wizards fè numewo pal sou Golden State Warriors 116 a 98. Gilbert Arena, se te lòm du match. Li make 40 pwen epi fè 10 pas ki make pwen. Sepandan sa pat bon Indiana Pacers ki tonbe devan Miami Heat 96 a 91. Bèl operasyon pou Utah Jazz ki kouri ak New Orleans Hornets 104 a 80 .

Tennis

Nan tounwa tenis Key Biskayne-nan nan Eta Florid , Swis Roger Federer elimine san difikulte alman Tommy Haas : 2 sèt a 0 : 6-1, 6-3 .Ameriken Andy Roddick kale Espayòl Fernando Verdasco an 2 sèt : 6-3, 6-4. Kalifikasyon tou pou ameriken James Blake . Bò kote meda m yo fransèz Amelie Mauresmo elimine Sèb Ana Ivanovic an sèt 7-5, 6-2.

XS
SM
MD
LG