Accessibility links

Breaking News

Plis Meday pou Atlèt Jamayiken kap Patisipe nan Je Commonwealth yo


Je Commonwealth

Atlèt Jamayiken Sherone Simpson pase devan chanpyon chanpyon Olenpik Veronica Campbell pou l ranpòte kous 200 mèt feminen nan je Commonwealth yo. Jamayiken Omar Brown supran Maurisyen Stephan Buckland pou ranpòte kategori maskulen an. Ostralyen Jana Pittman ranpòte kous 400 mèt obstab la. Sud Afriken Anika Smith ranpòte sot an hotè a pandank e Louis Van Zyl ranpòte kous 400 mèt la. Kenyan Alex Kipchirchi Rono ranpòte kous 800 mèt maskulen an. Meday dò nan basketball la al jwen seleksyon feminen Ostralyen an ki wouze Nouvel Zeland 77 a 39. Angletè ranpòte meday de bronz la gras ak yon viktwa de justès yo ranpòte devan Nijerya 78 a 75.

Nan tablo meday yo Ostrali toujou an tèt ak yon total 171 meday pami yo 65 an ò. Angletè klase 2 zièm ak yon total 81 meday pami 24 an ò. End klase an 3 zièm pozisyon ak yon total 39 meday pami yo 19 an ò.

Basketball

Tounwa Basketball Univèsitè ki rele Mas an foli ap rapousib jodi a lè Duke ap rankontre ak Louisiana State University epi Tekzas pral mate balon fas a West Virjini nan rejyon Atlanta a. Nan rejyon Oakland la Memphis pral rankontre ak Bradley epi UCLA kont Gonzaga. Demen Vandredi a Connecticut kont Washington epi George Mason kont Wichita State.Villanova kont Boston College epi Florida kont Georgetwon. Venkè yo ap rankontre ak Samdi ak Dimanch pou detèmine 4 chanpyon rejyonal yo ki pral jwe semi final nasyonal la 1 Avril epi 2 venkè semi final la ap rankontre pou detèmine nouvo chanpyon nasyonal pou sezon 2005 -2006 la.

NBA

Pou la premyè fwa nan karyè l Lebron James make pwen nan dènye sekond tan reglemantè a pou pèmèt Cleveland Cavaliers ranpòte yon viktwa de justès 120 a 119 devan Charlotte Bobcats. Detroit Pistons toupizi Miami Heat 82 a 73 nan yon rankont ki te mete bab pou bab 2 meyè ekip nan Konferans de Lès la.. Allen Iverson selebre retou l ak 29 pou ede Philadelphia 76ers ranpòte yon viktwa devan Atlanta Hawks 115 a 106. Indiana Pacers tronse Chikago Bulls 95 a 85 gras a 16 pwen Jermaine O’Neal make.Orlando Majik danse sou New York Knicks 111 a 87. Boston Celtics pilon-nen Toronto Raptors 110 a 96. Kobe Bryant make 28 pwen nan viktwa 87 a 80 Los Anjeles Lakers ranpòte devan Sakramento Kings. Seattle Supersonics te fè anpil efò avan li kale Milwaukee Bucks 114 a 105. Denver Nuggets te rankontre anpil difikilte avan li kale San Antonio Spurs 104 a 92 gras ak yon pèfòmans Carmelo Anthony ki make 32 pwen nan rankont la.

Football

Unyon Football Europeyen adopte yon rezolisyon kote li kondane aktivite swa dizan group G-14 la sou jwè klub kap jwe match entènasyonal pou seleksyon peyi yo. Rezolisyon an refere ak aksyon an justis group la ap men-nen kont UEFA ak FIFA kote yo mande yon chanjman nan règleman yo sou liberasyon obligatwa pou jwè yo jwe nan seleksyon nasyonal la. Group G-14 la vle pou federasyon yo dedomaje yo si yon jwè blese pandan lap jwe nan yon seleksyon nasyonal.

Deportivo Saprissa tonbe 2 a 0 devan klub Meksiken Toluca nan kad match ale semi final chanpyona Konkakaf dè klub chanpyon ak vis chanpyon. Match retou a fikse pou 29 Mars nan San Jose, Kosta Rika. Saprissa bezwen yon viktwa 3 a 0 si-l vle kalifye pou final la.

Almay geri bosko l sou Etazuni ak yon viktwa 4 a 1 nan kad yon match amikal chofe jarèt ki jwe yè Mèkredi a nan Dortmund an Almay. Fanatik yo te kòmanse bat chalbari dèyè antrenè Jurgen Klisman apre ameriken te reziste premye mitan an san yo pat pran yon gòl--chalbari ki te reveye seleksyon alman an ki koule ameriken yo. Pwochen sòti seleksyon ameriken ap fè l fas Jamayik nan Cary an Karolin du Nò.

Ronaldo evite Real Madrid subi yon defèt gras ak yon gò l li make pandan arè de je yo pou pèmè tekip la egalize 1 a 1 ak Saragòs. Real Sociedad tonbe 2 a 0 devan Osasuna. Rezulta Real Madrid la ranje zafè FC Barselòn ki rete nan tèt klasman jeneral la ak 13 pwen.

Tennis

Swedwa Jonas Bjorkman tonbe devan Tchèk Robin Vik ki pa tèt de seri tounwa tenis Key Biscayne nan 6-4, 6-4. Vik pral rankontre nan 2 zièm tou a ak Kwat Ivan Ljubicic. Franse FabriceSantoro kalifye pou 2 ziém tou a. Bò kote meda m yo Ameriken Meghann Shaughnessy kalifye pou 2 zièm tou tounwa a apre swif li pase Italyèn Mara Santangelo 2-6, 7-5, 6-4 pou l al rankontre ak Bèlj Justine Henin-Hardenne.

XS
SM
MD
LG