Accessibility links

Breaking News

Plis pase 40 Abit ap Patisipe nan Yon Seminè FIFA


Football

44 abit football ap patisipe nan yon seminè soti jodi Madi a pou rive Samdi. Komisyon abit FIFA a ap seleksyone 30 pami yo pou abitre match koup du mond Almay 2006 la kap dure 1 mwa soti 9 Jwen pou rive 9 Juyè. Abit yo pral pase tès medikal, fizik, psikolojik--evaluasyon konesans sou règleman yo ak konesans yo ann Anglè.

Kapitèn seleksyon Brezil la Cafu anonse blesu li tap soufri nan jenou geri e li pare pou l woule balon nan seleksyon pandan koup du mond la. Cafu, kap jwe nan Milan AC, patisipe nan 3 dènye koup du mond football kòm defansè seleksyon Brezil la.

Gadyen-d-bu klub Bayern de Munich la Oliver Khan di li espere antrenè Jurgen Klismann pral seleksyon kòm gadyen numewo 1 seleksyon an. Yon desizyon antrenè a kapab pran le 13 Me.

An Espay FC Barselòn ap pare pou akeyi Getafe nan okazyon 29 vièm jounen chanpyona Espayòl la. Plizyè vedèt ekip la pap sou teren jodi-a akoz blesu. Barselòn klase an premyè pozisyon ak 64 pwen swa 11 pwen devan Real Madrid ak 53 pwen epi 12 sou Valans pye pou pye dèyè Real Madrid ak 52 pwen. Demen Mèkredi a Real Madrid ap rankontre ak Saragòs pandan ke Valans pral mate balon fas a VillaReal.

NBA

Pou yon 4 trièm fwa nan 5 dènye sezon yo Detroit Pistons ranpòte Divizyon Santral NBA a apre viktwa 91 a 84 li ranpòte devan Atlanta Hawks. Kobe Bryant make 43 pwen pou pèmèt Los Anjeles Lakers van-nen Boston Celtics 105 a 97. Sa fè 20 tièm nan sezon an Kobe Bryant make 40 pwen pou pipiti pandan yon rankont. Viktwa Los Anjeles Clippers 99 a 91 sou Houston Rockets. Clippers yo ap chache kalifye pou faz final la pou la premyè fwa depi sezon 96-97. Milwaukee Bucks tronse Portland Trailblazers 100 a 93.

XS
SM
MD
LG