Prezidan-eli Ayiti a, René Garcia Préval, gen pou li dirije yon delegasyon nan Somè Kominote Karayib la (CARICOM) nan St-Kitt-Nevis, nan mwa jiyè ane sa a. Se sa nouvèl ki soti nan Trinidad ak Jamayik fè konnen jodi 19 mas la.
Korespondan nou nan Kingston, Gillian Haughton, di nou tou alatèt CARICOM nan, Patrick Manning (ki se chèf gouvènman Trinidad) voye yon lèt bay Msye Préval kote li fè santi Ayiti pral repran plas li nan pi gwo nivo konsèy CARICOM yo. CARICOM te bay gouvènman tranzisyon Gérard Latortue a yon bwa long kenbe pandan 2 ane ki sot' pase yo.
Pou w ka koute repòtaj Gillian nan, fè klik sou ralonj ki anlè premye paragraf la.