Accessibility links

Breaking News

Dezième Pati Intèviou ak Doktè Yves Jean-Bart


Football

Nan dezièm pati seri entèviou nou te fè ak prezidan Federasyon Football Ayisyen an Doktè Yves Jean-Bart,jodi a li pral pale de seleksyon nasyonal football peyi a. Klike sou ralonj ki anlè atik la pou tande Yves Jean-Bart nan mikwo Jean Robert Philippe

Klub Woumen Rapid de Bukarest ak rankontre nan kar de final koup UEFA ak Steaua de Bouchares le 30 Mars e 6 Avril dapre tiraj osò Koup UEFA ki dewoule nan jodi a nan vil Olandè Eindhoven kote final ap jwe le 10 Me. Lòt kar de final yo ap mete bab pou bab Seville kont Zenit de St Petersburh. Bale kont Middlebrough epi Levskide Sofia kont klub Shalke. Semi final la kap jwe le 20 et 27 Avril ap mete bab pou bab venkè rakont Seville/Zenit la fas Levski ou byen Shalke. Venkè Boukarès yo fas a venkè Basel/Middlebrough.

Klub Rus Zenit de Sent Pittersburg fè match nul 1 a 1 ak Marseille pou l pase nan kar de final koup Unyon Football Eropeyen an. Levski de Sofi te bezwen yon vikwa 2 a 1 devan klub Italyen Udinese pou l pase nan kar de final la. Klub Swis Bal kale tou apre match 2 a 2 li fè avèk Strasbourg. Steaua de Boukarès elimine Real Betis 3 a 0.FC Shalke elimine klub Italyen Palerme.

FIFA anonse lap pran mezu sevè kont pwopo rasis kap fèt nan stad yo--pami sanksyon yo gen suspansyon--reduksyon pwen-relegasyon ou byen diskalifikasyon-yon fason pou elimine pwopo rasis kap lanse nan stad yo. Federasyon yo dwe adopte mezu sa yo nan lig lokal la.

Kèk bèl rankont nan chanpyona Europyen an pandan week-end nan an Itali Juventus pral lakay Livourne nan okazyon 30 tièm jounen chanpyona kotre yon viktwa ap mete sou wout pou l ranpòte tit la. Pou kounye a Juventus gen 10 pwen ki separe ak Milan AC. An Espay Barselòn lakay Real Sociedad ak posibilite pou yo reprann yo apre defèt 2 a 1 yo sot subi devan Osasuna. An Almay Shalke 04 ap pare yon po kann ak tout foumi kont Bayern de Munik.

Tennis

Nan tounwa tenis Pacific Life la kap dewoule nan Indian Wells nan Kalifòni Swis Roger Federer ap rankontre ap rankontre ak Tailandè Paradorn Srichaphan. Bò kote meda m yo Bèlj Justine Heni-Hardenne ap rankontre ak Rus Elena Dementieva nan semi final la epi Swis Martina Hingis pral rankontre ak Maria Sharapova nan lòt semi final la.

Basketball Inivèsitè

Te gen kèk supriz nan premye jounen chanpyona basketball Univèsitè yo-supriz tankou nan rejyon Atlantik la Syrakuz tonbe devan Tekzas A & M 66 a 58 epi Montana suprann Nevada 87 a 79. Oklahoma fè bèk a tè devan Wisconsin-Milwakee 82 a 74. Boston College monte yon maswife avan li kale Pacifik 88 a 76 an 2 pwolongasyon. George Washington remonte yon defisi 18 pwen pou kale North Carolina Wilmington an pwolongasyon 88 a 85. Tennessee pase akote yon defèt pou l ranpòte la vikwa devan Winthrop 63 a 61. Duke pat gen pwoblèm pou l kale Southern 70 a 54. Chanpyona a ap kontinye jodi a juskaske li redui a 16 ekip Dimanch.

Lakay pwofesyonèl yo, Miami Heat remonte yon defisi 25 pwen pou l kale Boston Celtics 107 a 104. Dwayne Wade make 30 pwen pandan ke Shaquille O’Neal kore viktwa ekip la ak 26 pwen. Seattle Supersonics ranpòte yon viktwa tou mens devan Philadelphia 76ers 102 a 98. Golden State Warriors te fè anpil efò avan li kale Minnesota Timberwolves 107 a 97. CN-35

Je Commonealth Britanik

India and Ostrali ranpòte 3 meday dò nan je Commonwealth Britanik yo kap dewoule nan Melbourne an Ostrali. Anviwon 4 mil 500 atlèt ap patisipe nan je Commonwealth yo nan 16 disiplin e kap dure 11 jou.

XS
SM
MD
LG