Accessibility links

Breaking News

Deklarasyon Prezidan Eli René Préval Sou Abolisyon Definitif Lame Ayisyen an Kontinye ap Fè Deba nan Peyi Dayiti


Deklarasyon prezidan eli René Préval fè pou l' anonse li pral chèche amande konstitisyon an pou aboli ofisyèlman Lame Dayiti kontinye ap fè pawòl anpil nan milye politik ayisyen an--fwa sa a nan rejion Mirebalais ak nan zòn nò a, pi ekzateman nan vil Okap.

Korespondan-nou, Jean Christophe Collègue ak Yvan Martin Jasmin te kouvri dosye sa a pou Lavwadlamerik. Pandanstan nan vil Sen Mak anplwaye biwo Kominal elektoral yo, ki pa touche senk kòb depi twa mwa, kanpe aktivite yo pou fè presyon sou responsab yo. Lame Dayiti pa ekziste de fakto depi mitan ane 90 yo, apre "retablisman" prezidan Jean-Bertrand Aristide sou pouvwa a an 1994. Nou ka tande devlopman nouvèl sa yo avèk Jacquelin Belizaire e ak Serge Rodriguez depi stidyo onz lan nan Washington, D.C.

Ale sou ralonj ki anlè atik la pou'n tande tou repòtaj korespondan yo.

XS
SM
MD
LG