Accessibility links

Breaking News

FIFA Anonse lap Pran Mezu Sevè kont Stad ki pa Garanti Minimum Sekurite


Football

FIFA fè konnen yon seri de stad football pa ranpli kondisyon mininmu sekurite. Nan yon deklarasyon komite tenik ak devlopman òganizasyon football entènasyonal la-li di nan diferan rejyon an responsab football yo iyore minimum sekurite ki dwe genyen nan yon stad. Deklarasyon an lonje dwèt an Afrik kèk kote nan Amerik du Sud, Amerik Santral ak Azi.

FIFA di li gen plan pou l adopte mezu sevè kont peyi sa yo avan faz eliminatwa koup du mond la an lan 2010--pami mezu yo se entèdi peyi ki an vyolasyon jwe match a domisil.

Nan match retou retade Lig dè chanpyon Europeyen an Inter de Milan elimine Ajax Amsterdam ak yon viktwa tou mens 1 a 0. Inter ap rankontre nan kar de final ak klub espayòl Villareal. Footballè Brezilyen Adriano rate yon penalite pou Inter de Milan.

NBA

Phoenix Suns jwe yon match gason pa kanpe fas a Seattle Supersonics pou l ranpòte la viktwa 129 a 120. Dallas Mavericks remonte yon defisi 19 pwen pou l kale Cleveland Cavaliers 91 a 87. Franse Tony Parker make 20 pwen pou ede San Antonio Spurs danse sou New Orleans Hornets 96 a 81. Miami Heat woule Utah Jazz 121 a 83. Memphis Grizzlies fè Boston Celtics pase yon move kadè ak yon viktwa 93 a 76. Chikago Bulls pilon-nen Portland Trail Blazers 95 a 66. Sakramento Kings kontinye pèfòmans li apre yo kale Los Anjeles Lakers 114 a 98. Washington Wizards te fè anpil efò avan li kale Charlotte Bobscat 119 a 114. Philadelphia 76ers tonbe devan Toronto Raptors 111 a 97.

Prezidan Bush rankontre ak basketè ekip yon lise nan New York ki te make 20 pwen yon espas de 4 minit. Sa ki enteresan nan istwa a Jason McElwain pat kapab jwe nan ekip la akoz li te twò kout-men li te rete nan ekip la kòm yon motivatè--eh byen nan dènye rankont ekip lise a tap a domisil antrenè te antre msye nan dènye minit match la se konsa msye eksploze pou l make 18 pwen a distans epi yon lòt 2 pwen. McElwain, ki pat janm pale juskaske li te gen 5 kan , deja resevwa envitasyon plis pase 25 konpayi sinema pou l jwe yon film.

Atletisme

Federasyon Atletis Entènasyonal la anonse yon nouvo bonus pou atlèt ki ranpòte yon menm konpetisyon pandan 5 fwa sou yon total 6 rankont Golden League la. Federasyon an di atlèt ki ranpòte yon menm disiplin 5 fwa ap pataje yon pri 500 mil dola--epi yon lòt 500 mil dola ap pataje ant atlèt ki ranpòte yon menm disiplin 6 fwa. Venkè yo dwe patisipe nan tounwa sezon final la kap dewoule nan Stuttgart an Almay nan fen mwa Septanb nan si l vle resevwa pri a. Vil ki òganize konpetisyon atletis Lig dò a se Wom, Oslo, Pari, Zurich, Brussels ak Berlin.

Tennis

Pwoblèm ak doulè ak anpeche jwè tenis Brezilyen Gustavo Kuerten patisipe nan tounwa tenis Key Biscayne kap kòmanse semen pwochè nan. Swis Martina Hingis supran amerken Lindsay Davenport 6-3, 1-6, 6-3 pou-l kalifye pou kar de final tounwa tenis Indians Wells la an Kalifòni. Hingis pral rankontre ak Rus Dinara Safina ki elimine konpatrìot li Anastasia Myskina 6-1, 6-3. Elena Dementieva, Alman Anna-Lena Groenefeld figure pami jwè tenis ki kalifye pou kar de final la. Bò kote meda m yo Chipriòt Marcos Baghdatis elimine arjanten Gaston Gaudio 6-7, 6-3, 6-2.

XS
SM
MD
LG