Accessibility links

Breaking News

Ayiti: KEP a Pral Refè Eleksyon Premye Tou Nan Kèk Zòn


Nouvèl ki soti nan peyi d Ayiti fè konnen Konsèy Elektoral Pwovizwa a pral refè eleksyon nan kèk zòn akòz pwoblèm ki te gate Premye Tou a nan zòn sila yo. Pandansetan, kandida yo ap debouye yo kou Mèt Jan-Jak pou jwenn apui elektora a pou Dezyèm Tou a ki fikse pou 21 avril. Detay ak korespondan nou Alfred Jean.

Korespondan nou nan Sen-Mak di nou plizyè sektè nan Latibonit rejte deklarasyon Prezidan-eli René G. Préval te fè semèn pase a sou entansyon n' pou l'aboli pati nan Konstitisyon an ki konsène Lame Dayiti.

Nan vil Okay, Jn-Ernst Eliscar di nou opinyon yo pataje sou dosye Lame a, sitou nan klas politik la.

Okap, Yvan Martin Jasmin di nou militè demobilize yo di ofri kolaborasyon yo bay Préval.

Pandansetan, yon diplomat fransè di li pa anfavè eliminasyon lidè gang ki nan peyi a, sitou nan bidonvil Site Solèy. Diplomat la pale konsa nan Jacmel kote korespondan nou se Jean Martinez.

Pou w ka koute tout repòtaj sa yo an detay, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG