Accessibility links

Breaking News

Manno Sanon Plede Pou Devlòpman Spò Nan Peyi dAyiti


Ki Ayisyen ki pa konnen non Manno Sanon?

Depi ane 70 yo pou rive jounen jodi a, an 2006, poko janm' gen yon etwal nan foutbòl ayisyen an ki rive depase Emmanuel Sanon, alyans Ti Manno, nan lespri fanatik balon won nan peyi d Ayiti. Ti Manno gen yon bèl karyè ki te tanmen ann Ayiti e ki te mennen li sou kontinan ewopeyen an kote li te tounen premye foutbolè ayisyen ki resevwa yon twofe ann Ewòp. Sa pa gen lontan li te fè yon eksperyans alatèt seleksyon Ayiti a men yon sistèm ki te plis chita sou politik pase sou teknik te anpeche li reyalize rèv li. Antouka se opinyon moun ki te okouran pasaj li alatèt ekip nasyonal la.

Nan ti koze sa a ak Lavwadlamerik, Emmanuel Sanon ouvè kè l' pou li di sa l'panse sou rezon ki anpeche spò a devlope toutbon ann Ayiti. Li bay konsèy ni pou dirijan politik, ni pou responsab spòtif, ni pou jenn gason ak jenn fi k'ap leve e ki ta vle jwe foutbòl tankou li-menm li te fè l' sa gen plis pase 30 an. Se yon bèl rale nou fè ak lejand vivan foutbòl ayisyen an.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w ka tande Ti Manno.

XS
SM
MD
LG