Accessibility links

Breaking News

Real Madrid ak Liverpool Elimine


Football

Milan AC, Arsenal, Lyon ak Benfica de Lisbon yo tout kalifye pou kar de final Lig dè Chanpyon Eropeyen an Liverpool ak Real Madrid elimine. Milan AC rive nan kar de final la apre li pase Bayern de Munik yon swif 4 a 1 yè Mèkredi a. Arsenal ki poko ranpòte konpetisyon an kenbe Real Madrid an echèk ak yon match nul 0 a 0. Lyon elimine PSV Eindhoven ak yon rakle 4 a 0. Benfika woule Liverpool 2 a 0. Madi pase Juventus de Turen, Villareal ak Barselon te kalifye-Madi pwochen Ajax Amsterdam ap rankontre nan lòt match retou 8 tièm de final la. Tiraj osò fikse pou Vandredi. Match ale a ap jwe 28 e 29 Mars.

Bwason enèjetik Otrichyen Red Bull achete klub football ameriken Metro Stars pou rele l kounye a New York Red Bulls. New York Red Bulls ap louvri sezon an isit Washington fas a D-C United le 2 Avril. An atandan ekip la gen yon stad tou nèf yap kontinye jwe nan Giant Stadium nan ki nan East Rutherford nan New Jersey. tou vil New York.

Sikism

Siklis Bèlj Tom Boonen ranpòte 3 zièm etap kous bisiklèt Pari/Nis la ki kouvri yon distans 193 kilomèt. Pou yon 3 zièm fwa Boonen bat Ostralyen Allan Davis nan sprint final la. Sepandan ameriken Floyd Landis toujou konsève mayo jò nan.

Siklis Italyen Paolo Bettini ranpòte 2 zièm etap kous bisiklèt Italyen an devan alman Erik Zabel ak Ukrenyen Mikhaylo Khalilov an 4 trè-3 minit -19 sekond.

Atletism

Detantè rekò du mond kouré Jamayiken Asafa Powell retounen an fòm apre li ranpòte kous 100 mèt maskulen toune mondyal Federasyon Amatè Atletism Entènasyonal ki sot dewoule nan vil Melbourne an Ostrali. Toune sa a antre nan kad yon toune chofe jarèt avan dewoulman Je Commonwealth Britanik yo kap kòmanse Mèkredi nan Melbourne an Ostrali. Kourè Trinidadyen Darrel Brown fini an 2 zièm pozisyon devan Ostralyen Joshua Ross. CN-166

NBA

Los Anjeles Lakers gate selebrasyon New Orleans Hornets te pare pou l fè lakay apre viktwa 113 a 107 yo ranpòte. Kobe Bryant make 40 pwen nan viktwa a. Plis pase 17 mil fanatik te fè deplasman pou asiste premye rankont pwofesyonèl ki te dewoule nan Nouvel Orleans depi siklòn Katrina. Yao Ming te ede Houston Rockets danse sou Indiana Pacers 103 a 99 gras ak 38 pwen li make--trape balon an 10 fwa e bloke l 5 fwa. Miami Heat te fè anpil efò avan li kale Washington Wizards 118 a 112. Sa fè ekip Miami a 10 zièm viktwa afile li ranpòte. Sakramento Kings ranpòte yin viktwa tou mens devan Milwaukee Bucks 123 a 116. Cleveland Cavaliers ranpöte yon viktwa de justès devan Toronto Raptors 98 a 97.. Menm situasyon an pou Boston Celtics ki kale Philadelphia 76ers 104 a 101. Memphis Grizzlies pat gen pwoblèm pou l kale Seattle Supersonics 99 a 74. Detroit Pistons woule Chikago Bulls 106 a 111. Utah Jazz te kenbe fè m juskaske li kale Minnesota Timberwolves 96 a 93. Charlotte Bobcats ranpòte yon viktwa tou mens devan Golden StateWarriors 104 a 101.

XS
SM
MD
LG