Premye Minis ayisyen an Gérard Latortue ap monte yon maswife apre li te siyen yon akò ki bay Nasyonzini kontwòl Polis Nasyonal la. Korespondan nou Rotchild François Jr gen reyaksyon yon manm nan gouvènman an, minis jistis Henri Marge Dorléans, ki pa mete dlo nan bouch li pou l'kritike sa li rele yon konpòtman ki pa "elegan" bò kote Msye Latortue. Minis la deklare sou radyo nan Pòtoprens ke chèf gouvènman an pat menm pataje enfòmasyon sa a ak li, tandiske li-menm, Dorléans, gen yon gwo responsablite nan enstitisyon Polis la.
Lòt nouvèl pou maten 7 mas 2006 la: Responsab elektoral yo nan rejyon Nò Ayiti rejte yon kantite kontestasyon paske yo di yo pat depoze nan kondisyon lalwa prevwa. Yon repòtaj Yvan Martin Jasmin.
Nan Site Endepandans la --Gonayiv-- militè demobilize yo ofri pwochen gouvènman an kolaborasyon yo nan kad efò pou mete sekirite nan peyi a, dapre yon korespondans Alfred Jean.
Pou w koute repòtaj sa yo an detay, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.