Accessibility links

Breaking News

Gwo Duèl nan Match Retou Lig dè Chanpyon Eropeyen an Jodi a


FC Barselòn ap pare yon po kann ak tout foumi lè lap rankontre an espay ak klub Angle Chelsea nan kad match retou 8 tièm de final chanpyona Lig dè chanpyon Europeyen an. Barselòn te ranpòte match ale a 2 a 1 nan yon match gason pa kanpe. Klub franse Lyon, ki te pase PSV Eindovhen yon swif 1 a 0 nan match ale a, pati favori akondisyon yo fè yon nul. Situasyon an pi difisil pou Real Madrid ki dwe kale Arsenal apre yo te pèdu match ale a 1 a 0.. Juventus de Turen, ki te tonbe devan Werder de Brem 3 a 2 dwe fè plis efò pou l ranpòte match retou a lakay li. Situasyon an diferan pou klub espayòl Villa Real ki te fè match nul 2 a 2 nan match ale a ak klub ekosè Glasgow Rangers.

FIFA anonse jwè 32 peyi kap patisipe nan koup du mond Almay 2006 la pral subi ekzamen medikal pou wè si yo pa gen oken pwoblèm kadyak. Se sujè ki te nan sant premye jounen seminè nan Dusseldorf an Almay sou prevansyon medikal ak antidopaj. 19 antrenè nasyonal ak 10 adjwen ap patisipe nan seminè fòmasyon sa a. Pami antrenè ki te prezan nou jwen antrenè brezilyen Carlos Alberto Parreira, franse Raymond Domenech, Swedwa Sven Goran Erickson pou Angletè, Italyen Marcello Lippi ak Marco Van Basten. Antrenè alman Jurgen Klisman pa patisipe rankont brase lide a.

Pandan rankont la delege yo ap pwofite mande pwolonje dat ki fikse pou seleksyonè renmèt lis 23 jwè definitif la soti a 15 Me pou yon lòt dat. FIFA te deja fè konnen li pap chanje dat la menm lè yo gen pou rekonfime l nan rankont komite ekzekutif FIFA gen pou fè 16 Mas. Seminè a ap fini jodi Madi a. FIFA gen plan pou gen nan tout stad yo aparèy ki kapab aktive kè yon jwè ki ta gen pwoblèm kadyak pandan dewoulman yon match football. FIFA di doktè tout peyi patisipan yo siyen dokuman sou prevansyon medikal ak mezu anti dopaj.

Antrenè seleksyon Kameroun nan Artur Jorge demisyone nan tèt seleksyon an dapre yon korespondans tou louvri li voye bay Minis Spò Mbarga Mboua akoz atik 2 kontra a pa respekte. Atik sa a prevwa antrenè a se responsab ankadreman, suivi jwè yo epi rekrutman jwè seleksyon nasyonal la ak match chofe jarèt seleksyon an ki pa kalifye pou faz final koup du mond Almay 2006 la. Ansyen antrenè a denonse reta ki gen nan pèman salè l.

Yon lòt kote Minis Enteryè ak Spòtif Alman Wolfgang Schauble renouvle soutyen bay antrenè seleksyon an Jurgen Klismann. Supò sa a vini apre rakle 4 a 1 Almay sot pran nan men Itali Mèkredi nan vil Florans an Itali.

Mitan teren klub arjanten River Plate Luciano Figueroa pap kapab patisipe nan koup du mond Almay 2006 la akoz yon pwoblèm ligaman. Doktè fè konnen msye kapab pase an deyò teren an ant 6 a 8 mwa avan li geri.

NBA

Steve Nash pran yon zòbòy nan hanch pandan viktwa 101 a 88 Phoenix Suns ranpòte devan New Orleans Hornets yè swa nan Oklahoma City.. Shaquille O’Neal make 35 pwen pou ede Miami Heat ranpòte yon viktwa de justès 106 a 105 an pwolongasyon devan Charlotte Bobcats. Malgre Kobe Bryant make 43 pwen pa anpeche Los Anjeles Lakers tonbe devan San Antonio Spurs 103 a 96. Denver Nuggets bimen Memphis Grizzlies 115 a 101 gras ak 35 pwen Carmelo Anthony make. Orlando Majik tonbe devan Utah Jazz 90 a 85 epi Sakramento Kings pilon-nen New Jersey Nets 109 a 84.

Natasyon

Najè Ostralyen Ian Thorpe ap rate Je Commonwealth Britanik yo akoz yon maladi. Najè Craig Stevens ranplase Thorpe ki tap patisipe nan kous 100, 200 ak 400 mèt naj lib. Kourè Britanik Paula Radcliffe pat prezan tou nan maraton an akoz yon blesu nan pye.

XS
SM
MD
LG