Nan yon rankont ak laprès madi 14 fevriye a toupre Pòtoprens, kandida prezidansyèl pou Platfòm Lespwa a, René Garcia Préval, deklare si KEP a kontinye bay rezilta yo nan sans yo prale a, ki vle di pou li ta oblije ale nan yon dezyèm tou, li pral konteste vòt la e pèp la ap konteste li tou.
Msye Préval mande patizan n yo rete mobilize sepandan se pou yo manifeste san vyolans.
Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w tande René Préval.