Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Omwen 2 Mò Nan Manifestasyon Patizan René Préval yo


Manifestasyon k'ap dewoule atravè Ayiti pou reklame viktwa René Préval depi nan premye tou eleksyon yo menase pou yo tounen yon mouvman vyolan nan kapital la ak vil pwovens yo. Yon egzanp klè se sa ki pase maten an nan yon katye nan nò kapital la kote omwen yon manifestan jwenn lanmò e plizyè lòt blese. Pandansetan, yon lòt moun mouri ak yon kout baton fè nan tèt nan zòn Pétion-Ville.

Pèp souvren ki te okipe beton an, e ke Lavwadlamerik te rankontre, akize twoup L’ONU yo dèske yo tire sou foul la ki t'ap sèlman eksprime jwa li dèske kandida sa a moun yo rele avèk afeksyon "Ti René" genyen eleksyon yo, dapre yo.

Anvwaye spesyal nou Jean Robert Philippe di nou moun yo fin wè mò, yo egzije pou Konsèy Elektoral la pwoklame msye Préval Prezidan pa pita ke pita.

Sepandan, pandan patizan René Préval ap mande viktwa l' depi nan premye tou, gen lòt sektè, ki pa nan mouvans Lavalas la, k'ap mete yon lòt presyon sou Konsèy Elektoral la. Yè dimanch la, Hubert De Ronceray, pa egzanp, te deklare eleksyon 7 fevriye a se yon eskandal, yon maskarad demokrasi paske, dapre li, te gen magouy anfavè Préval.

Kwakilanswa, otorite elektoral yo deklare yo pap pran presyon e yap respekte done yo resevwa annòd-konfòm-e-difòm nan men biwo rejyonal yo, y'ap veye sou kalite rezilta yo e pap gen magouy anfavè pèsonn. Sitiyasyon an chaj' ak tansyon. Nou sou plas, nap suiv.

Fè klik sou ralonj ki anlè paj la pou w tande repòtaj nou an.

XS
SM
MD
LG