Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Atak Sou Kòtèj René Préval nan Nòdès...Pwotestasyon nan Site Solèy


Dosye Ayiti-Eleksyon pou mèkredi 25 janvye a... Men prensipal nouvèl yo:

1) Enkoni tire kout zam e kalonnen wòch sou kòtèj ansyen Prezidan René Garcia Préval, pandan kandida Lespwa a t'ap mennen kanpay nan rejyon Wanament, nan nòdès Ayiti. Anvan sa, nan vil Okap, msye Préval te deklare li pap tolere gang ak chimè si li ta retounen sou pouvwa a. Yvan Martin Jasmin gen repòtaj sa a pou nou.

2) Kanpay elektoral la ap kontinye toupatou nan peyi a. Nan depatman sid la, pi presizeman nan vil Okay, kandida endepandan Charles Henri Baker pwomèt popilasyon an l'ap retabli Fòs Ame d Ayiti, dapre yon korespondans Jn-Ernst Eliscar.

3) Pwotestasyon yè nan Site Solèy: pèp souvren pran lari pou reklame biwo vòt andedan bidonvil sa a ki chaje ak gang ame. Direktè KEP a, Jacques Bernard, di bliye sa, tout moun Site Solèy ap oblije deplase al vote lòt kote, pou rezon sekirite.

4) Nan Jacmel, Jean Martinez gen detay sou manifestasyon pasifik yon gwoup ki rele REVE (Rasanbleman Elektè pou Vijilans Elektoral).

5) Duc Jonathan Joseph gen yon repòtaj depi Gonayiv sou plis pase yon douzèn avoka KEP a ki menase pou yo bloke eleksyon yo nan zòn nan, legalman, si yo pa resevwa kat mwa salè enstitisyon an dwe yo. Yo di demokrasi ak grangou pa danse kole.

6) Premye-Minis Gérard Latortue ap retounen Pòtoprens demen apre li fin pase 2 jou nan Trinidad, kote l'ap chache wè si Ayiti ta repran plas li nan CARICOM. Koute Rotchild François, Jr. pou detay nouvèl sa a avèk deklarasyon Latortue te fè anvan li te pran avyon.

Fè klik sou ralonj ki anlè paj la pou w ka tande tout repòtaj sa yo.

XS
SM
MD
LG