Accessibility links

Breaking News

Ostralyen Lleyton Hewitt ak Franse Mary Pierce Elimine nan Tounwa Tenis Ostrali a


Tennis

Ostralyen Llewton Hewitt ak franse Mary Pierce fè malèt yo nan tounwa tenis Open Ostrali a. Se Arjanten Juan Ignacio Chela ki bay Ostralyen yo move kanè an 2 tie break 6-4, 6-4, 6-7, 8-10, 6-2. Swis Roger Federer kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis Open Ostrali a gras ak 3 kout rakèt li pase alman Florian Mayer 6-1, 6-4, 6-0. Rus Nikolay Davydenko te bezwen 4-6, 6-0, 6-3, 6-2 devan ameriken Kevin Kim. Arjanten Guillermo Coria woule Italyen Federico Luzzi 7-6, 6-4, 6-3. Franse Amelie Mauresmo elimine konpatriòt li Emilie Loit 7-6, 6-2 pou l al rankontre Olandè Michaela Krajicek ki elimine endyen Sania Mirza 6-3, 7-5. Franse Marie Pierce tonbe sou vant devan Tchèk Iveta Benesova 6-3, 7-5. Japonè Ai Sugiyama kale Arjanten Gisela 6-1, 6-1. Italyen Flavia Pennetta woule ak kout rakèt Slovak Martina Sucha 6-3, 6-0. Bèlj Kim Clijsters elimine chinwa Yuan Meng 6-4, 6-3.

Football

Federasyon Football Entènasyonal la FIFA bay klub Franse Sent-Etyèn rezon sou federasyon football Tunizi ki te konvoke nan seleksyon nasyonal la Alaeddine Yahia nan okazyon koup dAfrik dè Nasyon an. Asosyasyon Spòtif Sentetyèn te refuze libere footbalè a. FIFA di federasyon Football Tunizi a pat respekte delè règleman yo fikse pou federasyon yo fè yon demand.

Se demen Vandredi a koup dAfrik dè Nasyon an ap demare an Ejipt ak patisipasyon 16 peyi. Yon lòt kote antrenè seleksyon franse a Raymond Domenech ak 2 lòt manb staff teknik seleksyon an prale an Ejipt kote yo obsève seleksyon Togo a youn pami advèsè ekip franse a nan koup du mond la.

Arabi Sawoudit fè math nul 1 a 1 ak la Swèd nan kad yon match amikal chofe jarèt ki jwe ant 2 seleksyon yo kap patisipe nan koup du mond Almay 2006 la. Emira Arab Uni yo suprann Kore du Sud ak yon viktwa 1 a 0 nan kad preparasyon Sud Koreyen yo ap fè avan yo mete tèt pou Almay.

Juventus de Turen fè match nul 1 a 1 ak Chievo Verone pandanke Inter de Milan ranpòte yonviktwa tou mens 1 a 0 devan Verone. Milan AC te bezwen yon bout gòl pou l kale Ascoli nan okazyon 20 tièm jounen chanpyona Italyen an.

Cyclisme

Siklis Ostralyen Allan Davis ranpòte 2 zièm etap kous bisiklèt Ostralyen an. Ostralyen Simons Gerran toujou nan tèt klasman jeneral la ak 7 sekond devan chanpyon sòtan an espayòl Luis Leon Sanchez ak Ostralyen Robbie McEwen gen 18 sekond de reta.Nan 3 zièm etap la kap demare demen Vandredi a siklis yo ap kouvri yon distans 154 kilomèt. Konpetisyon an ap fini Dimanch lè siklis yo ap kouvri 5 kièm etap la.

NBA

Vince Carter make 31 pwen e fè 10 pas ki make pwen nan viktwa 101 a 90 New Jersey Nets ranpòte devan Philadelphia 76ers. Chikago Bulls te bezwen pwolongasyon pou l kale New York Knicks 106 a 104. Nan Denver Carmelo Anthony ak Earl Boykins make 17 pwen yo chak pou pèmèt Nuggets yo ranpòte yon viktwa de justès 90 a 89 devan Cleveland Cavaliers apre Lebron James rate yon panye ki te kapab egalize nan fen tan reglemantè a. Detroit Pistons ogmante pèfòmans-li pou mete l a 31 viktwa 5 defèt apre yo wonfle Atlanta Hawks 117 a 89. Washington Wizards tonbe fas anba devan Orlando Majik 106 a 98. San Antonio Spurs te fè anpil efò avan li kale Milwaukee Bucks 95 a 92 menm situasyon an pou Portland Trailblazers ki kale Toronto Raptors 96 a 94.

XS
SM
MD
LG