Accessibility links

Breaking News

FIFA Publiye Klasman Jeneral la


FIFA / Klasman

Pa gen gwo chanjman ki fèt nan klasman FIFA publiye jodi a ak Brezil toujou numewo 1 mondyal devan Republik Tchèk ak La Oland, Arjantin ak la Frans ki pataje 5 kièm plas la. Nan Konkakaf la Meksik pataje 7 tièm plas la ak Etazuni. Nan Karayib l a nou jwen Trinidad and Tobago ki klase 50 tièm.

Federasyon football ameriken an fè konnen yo resevwa anviwon 10 mil tikè pou 3 match premye tou koup du mond Almay 2006 la. Federasyon an, mande FIFA plis tikè akoz yo resevwa demand pou anviwon 40 mil tikè. Etazuni ap louvri konpetisyon an fas ak Republik Tchèk le 12 Jwen. Itali le 17 Jwen epi Gana le 22 Jwen.

New Orleans Saints anplwaye asistan antrenè Dallas Cowboys la Sean Payton kòm nouvo antrenè ekip la apre yo fini sezon an ak 3 viktwa 13 defèt.

NBA

Kevin Martin kap jwe nan Sakramento Kings make 25 pwen, Kenny Thomas ajoute 22 nan viktwa 119 a 90 Kings yo ranpòte devan Phoenix Suns. Utah Jazz wouze Toronto Raptors

Tennis

Chanpyon sòtan tounwa tenis Open Ostrali a ameriken Serena Williams kalifye pou 3 zièm tou tounwa a gras ak 2 kout rakèt li pase franse Camille Pin 6-3, 6-1. Ameriken Lindsay Davenport ranpòte la viktwa devan Kwat Karolina Sprem 7-6, 6-3. Rus Maria Sharapova elimine ameriken Ashley Harkleroad 6-1, 7-5. Rus Nadia Petrova ak bèlj Justine Henine Hardenne pase kap 2 zièm tou a. Bò kote mesye yo ameriken Andy Roddick te bezwen 3 kout rakèt pou l kale Sud Afriken Wesley Moodie 7-5, 6-3, 6-2.. Kwat Ivan Ljubicic, arjanten Gaston Gaudio ak ameriken James Blake ranpòte la viktwa.

XS
SM
MD
LG