Accessibility links

Breaking News

Yon Footbalè Italyen Teste Pozitif pou Kokayin


Football

Footbalè Italyen Jonathan Bachini kap jwe nan Syèn teste pozitif pou kokayin ap fè fas ak posibilite pou l resevwa yon punisyon sevè tankou ekspulsyon ak yon entèdiksyon avi nan football Italyen an.

Barselòn ogmante distans li ak 4 pwen nan chanpyona espayòl la apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan Espayòl Samdi nan okazyon 18 tièm jounen chanpyona a. Real Madrid ak Osasuna fè bak apre match nul yo fè. REsponsab yo nan Real Madrid anonse klub la pap gen sèvis footbalè brezilyen Ronaldo pou 3 semen akoz yon blesu. An Itali Juventus de Turen toujou kenbe tèt chanpyona a ak 49 pwen apre yo kale Palerme 2 a 1 Samdi nan okazyon 18 tièm jounen chanpyona a. Milan A C ap tren-nen ak 9 pwen apre viktwa difisil 4 a 3 li ranpòte devan Parme. Demand minis enteryè alman an fè pou mobilize lame pou garanti sekurite pandan dewoulman koup du mond la soulve anpil kòmantè.

Tennis

Klasman jeneral tenis maskulen publiye jodi a ak Swis Roger Federer toujou numewo 1 mondal devan espayòl Rafael Nadal, Andy Roddick, Lleyton Hewitt ak arjanten David Nalbadian. Amerken Lindsay Davenport se numewo 1 nan kategori meda m yo devan Kim Clijsters, Amelie Mauresmo, Maria Sharapova ak Mary Pierce.

Slovèn Katarina Srebotnik abandone tounwa tenis feminen Hobart Internasyonal la akoz yon maladi. Tchèk Klara Koukalova ak Izrayelyen Anna Smashvona elimine nan premye tou tounwa a.

Publik la Nouvèl Zeland bat chalbari dèyè jwè tenis Britanik Andy Murray pou kòmantè dwat-e-gòch li fè kont danwa Kenneth Carlsen--dapre kòmantè a Andy Murray di tou 2 jwè yo te jwe tankou fanm pandan rankont la menm lè li ranpòte la viktwa,

Yon dechirur fòse Tchèk Lucie Safarova abandone tounwa tenis feminen Canberra kèk jou apre li finn ranpòte 3 zièm tit nan karyè l.

Ansyen numewo 1 tenis mondyal feminen an Swis Martina Hingis elimine nan premye tou tounwa tenis International Sidney a devan bèlj Justine Henin Hardenne 6-3, 6-3.

Atletisme

KenyanMargaret Okayo, ki te ranpòte maraton Lond la an 2004, ap figure pami atlèt ki pral talon-nen Britanik Paula Radcliffe nan maraton Lond la kap demare 23 Avril. Radcliffe ki se chanpyon du mond an tit ranpòte maraton Lond la 3 fwa. Lòt atlèt ki konfime patisipasyon yo se Woumèn Konstantina Dita, Ameriken Dina Kastor, Kenyan Susan Chepkeimei ak Selina Kesgei ak Japonè Mari Ozaki ak Eri Hayakawa.

Football Ameriken

Pittsburgh Steelers elimine Cincinnati Bengal sou pwòp teren n ak yon viktwa 31 a 17 nan premye tou faz final football zèpòl kare a. Carolina Panthers te monte New York kote li elimine Giants yo 23 a 0. Panthers yo pral rankontre nan ak Chikago Bears pandan ke Pittsburgh pral rankontre ak Indianapolis Colts. Samdi dènye Washington Redskins elimine Tampa Bay Buccaneers 17 a 10. Redskins pral rankontre ak Seattle Seahawks Samdi. New England Patriots elimine Jacksonvil Jaguars 28 a 3 pou l al rankontre ak Denver Broncos.

Kansas City Chiefs jwen yon antant 4 tran pou 12 milyon dola ak Herman Edwards kòm antrenè ekip la malgre msye rete 2 zan pou kontra l fini ak New York Jets ke li men-nen nan 3 faz final.

NBA

Vince Carter make yon basket nan dènye sekond match la pou pèmèt New Jersey Nets ranpòte yon viktwa de justès devan Toronto Raptors 105 a 104. Carmelo Anthony make yon 2 pwen-yon sekond avan fen tan reglemantè a pou pèmèt Denver Nuggets ranpòte yon viktwa de justès devan Houston Rockets 92 a 90. Nan lòt rankont ki jwe yè Dimanch la New York Knicks, Miami Heat ak Indiana Pacers ranpòte la viktwa.

RALLYE / PARIS / DAKAR

Patisipan yo nan kous otomobil ak motosiklèt Pari / Dakar demare jodi a youn pami etap enpòtan konpetisyon an apre yo pase jounen yè a ap repoze. Etap jodi a, ki pi long, ap kouvri yon distans 874 kilomèt nan Sud Mauritani.

XS
SM
MD
LG