Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Plizyè Lidè Politik Kritike Nouvo Kalandriye Elektoral la


Men kèk pami pwen k'ap domine aktyalite a nan peyi d Ayiti jodi lendi 9 janvye 2006 la:

Yon manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a rejte pawòl k'ap pale kòm kwa se sou presyon entènasyonal yo fikse dat eleksyon yo pou 7 fevriye. Korespondan nou Rotchild François Jr. gen detay depi Pòtoprens.

Evans Paul, youn pami kandida kap mennen kanpay pou pòs prezidan an, kritike l’ONU ak l’OEA li di ki mete presyon sou Konsèy Elektoral la pou fikse eleksyon yo 7 fevriye 2006 malgre pwoblèm teknik yo kapab pa rezoud avan dat la. Korespondan nou Jean Pierre Leroy gen reyaksyon kandida a depi Pòtoprens.

Yon kandida sektè Duvalieris la, Edouard Francisque, mande l’ONU ede fòme polis nasyonal la e retounen ak ansyen Lame Dayiti a pou garanti sekirite popilasyon an. Korespondan nou Yvan Martin Jasmin gen detay depi vil Kapayisyen.

Pandansetan nan Pòtoprens, aktivite yo ralanti seryezman, dapre korespondan nou Jean Max Blanc, nan okazyon grèv jeneral jodi 9 janvye a. Men gen lidè politik ki kritike grèv la ak moun ki lanse mo dòd la.

Fè klik sou ralonj ki anlè foto a pou w ka tande seri repòtaj sa yo.

XS
SM
MD
LG