Accessibility links

Breaking News

Seremoni Pri m Meyè Footballè Afriken an Ranvwaye


Football

Yon komunike ki soti nan Konfederasyon Foutbòl afriken an fè konnen , responsab yo ranvwaye seremoni remiz pri ki te fikse pou 9 janvye kap vini la a nan kapital Nijerya , Aboudja sou demand kòmanditè yo. Komunike a, ki publiye jodi madi a, presize komite egzekutif la ap rankontre 16 Janvye pou deside sou yon nouvo dat. Kameroonè Samuel Eto'o, ki ranpòte pri a an 2 okazyon, Ganeyen Michael Essien ak Ivwaryen Didier Drogba figure sou lis finalis yo.

Ap gen yon klasik jodi a nan okazyon 21e jounen chanpyona premyè divizyon an, Manchester ki numewo 2 nan konpetisyon pral lakay Arsenal . Yè lendi a, toujou nan kad 21e jounen-an, lidè konpetisyon an Tchelsea kòmanse ane a an bote kote an deplasman, li kale West Ham 3 a 1. Rival li a tankou Liverpool , fè match nul 2-2 ak Bolton ; Wigan Atletik ki pèdu 2 a 0 Birmingham.

NBA

New York Knicks te bezwen 3 pwolongasyon pou l kale Phoenix Suns 140 a 133. Milwaukee Bucks ranpòte yon viktwa de justès devan Chikago Bulls 93 a 92. Indiana Pacers van-nen Seattle Supersonics 115 a 96. Bèl operasyon pou Denver Nuggets devan Boston Celtics. Skò final 120 a 110 ; epi Charlotte Bobcats tonbe devan New Orleants Hornets 103 a 86.

Tenis

Nan tounwa entènasyonal-la Adelayid-la ann Ostrali, tèt de seri numewo 1-an ostralyen HLeyton Hewitt elimine an 3 sèt ( 4-6, 6-2, 6-4) tchèk Jan Hernych ; kalifikasyon pou numewo 2-a slovak Dominik R-Baty apre viktwa-l an 2 sèt ( 6-3, 7-5) sou ostralyen Rameez Junaid. Nan lòt rankont , ameriken James Blake(5) fini konpetisyon pou espayòl Alberto Martin ke kale an 2 sèt (6-3, 6-3) . Arjanten Juan Ignacio Chela move apre defèt-li devan koat Ivo Karlovic of Croatia ( 6-3, 3-6, 6-1).

Toujou ann Ostrali kay medam-yo nan tounwa Gold Coast-la, rus Dinara Safina (3) kale san redi tchèk Iveta Bene-sova an 2 sèt :6-0, 6-1. Pandansetan nan doub suisès Martina Hengis ki tounen asososye ak fransèz Tatiana Golovin pou kale yon doub chinwa, meday dò nan jeu zolempik Atèn-nan , nap pale de Li Ting ak Sun Tian-tian an 2 sèt : 6-1, 6-4. Martina Hengis, 25 kan , retounen sou sikui-a apre 3 zan kote-l lio te gen yon pakèt pwoblèm nan pye.

Britanik Tim Henman elimine franse Richard Gasquet nan ouvètu tounwa tenis Open Katar la gras ak 2 kout rakèt 6-4, 6-4. Britanik la pral rankontre ak alman Tommy Haas ki ranpòte la viktwa 5-7, 6-2, 7-5 devan Swis Stanislas Wawrinka. Italyen Davide Sanguinetti elimine Olivier Dechus an 3 sèt : 2-6, 7-6, 7-6. Franse Gael Monfils te bezwen 2 manch pou l kale Tchèk Tomas Zib 7-5, 6-4. Espayòl Feliciano Lopez tronse woumen Victor Hanescu 6-4, 7-6.

Olympic

Almay anonse entansyon pou l ranpòte plis meday nan je zolenpik divè kap dewoule nan vil Turen an Itali-yon fason pou montre lòt peyi yo sa l peze. Rallye Paris/ Dakar

Otomobilis yo tanmen 4 trièm etap Pari/ Dakar la-yon etap kap kouvri 639 kilomèt ant 2 vil Maròken.

XS
SM
MD
LG