Accessibility links

Breaking News

Kondisyon yo Pa Reyini Pou Konsèy Elektoral Pwovizwa a Òganize Eleksyon nan Dat 8 Janvye 2006


Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayisyen an (KEP) ranvwaye pou vandredi reunyon li te sipoze fè mèkredi 28 desanm nan ak pati politik yo pou l' anonse si lap mentni ou non dat 8 Janvye 2006 la pou dewoulman eleksyon jeneral yo. Sepandan, apre yo te repòte reinyon an, Pierre-Richard Duchemin, youn nan Konseye elektoral yo, di "kondisyon yo pa reyini" pou enstitisyon elektoral pwovizwa a òganize eleksyon yo nan dat sa a.

Pandanstan, korespondan Sèvis Kreyòl la, Duc Jonathan Joseph, konstate responsab Biwo Elektoral Depatmantal Latibonit la kontinye ap prepare dosye elektoral malgre divès sïy ki endike vòt la ka pa dewoule nan dat KEP a te fikse e pibliye a.

Ale sou ralonj anlè atik la pou n' koute repòtaj Rotchild François Jr. sou posibilite pou Konsèy Elektoral Pwovizwa a pouse pi lwen, yon fwa ankò, dat eleksyon yo.

XS
SM
MD
LG