Men pwen ki domine aktyalite a nan peyi d Ayiti jodi 23 desanm 2005 la (fè klik sou ralonj anlè foto a pou w ka tande repòtaj yo an detay:
Juan Gabriel Valdes, ki se Chèf Sivil Misyon L'ONU nan Ayiti a (MINUSTAH) deklare bay laprès li tande apèl Premye Minis Gérard Latortue lanse pou yo aplike yon plan sekirite ki ta prepare deja pou Site Solèy e msye Valdes pwomèt nan semèn k'ap vini yo MINUSTAH pral pase alaksyon nan bidonvil sa a kote gen anpil move zak k'ap fèt ale-vini. Rotchild François, Jr. ban nou nouvèl sa a depi vil Pòtoprens.
Nan yon repòtaj Jn-Max Blanc, nou aprann ke Juan Gabriel Valdes chante lwanj nouvo responsab Polis Nasyonal Ayiti a, Mario Andrésol, ki, dapre li, ap fè yon bon travay pou kore efò sekirite a.
Toujou nan zafè sekirite, kandida-a-la-prezidans Dany Toussaint (MODEREH) deklare toupre vil Sen-Mak, si li ta moute Prezidan li pral dekrete yon koukouwouj dèyè bandi yo. Korespondan nou Galilée Périlus fè konnen Senatè Toussaint mande chimè yo chanje metye oubyen chanje planèt paske li pap ba yo chans.
Yon lòt kote nan Latibonit la, nan vil Gonayiv, Duc Jonathan Joseph fè konnen yon pòt-pawòl MINUSTAH nan zòn nan (A. vera) mande popilasyon an soti an mas al vote, nan lapè e L'ONU ap la pou bay sekirite.
Anfen nan Jérémie, kandida endepandan Charlito Baker miltipliye pwomès bay popilasyon sidwès peyi a si yo vote pou li kòm Prezidan. Luckner Laguerre te sou plas.
Fè klik sou ralonj anlè tèks sa a pou w ka tande tout repòtaj sa yo. Prezantatè yo se Marie-Luce Pierre, Chérubin Dorcil ak Jacquelin Bélizaire.