Accessibility links

Breaking News

L'ONU Reyaji Sou Asasina Yon Polisye Kanadyen Toupre Site Solèy


Men, an gwo, nouvèl k'ap domine aktyaliye a nan peyi d Ayiti maten jodi 21 desanm nan:

Yon polisye retrete peyi Kanada, ki te fè pati yon nouvo gwoup 25 moun Ottawa voye ranfòse kontenjan kanadyen an nan MINUSTAH tonbe anba bal badi nan zòn Site Solèy, yon katye pòv ki gen anpil patizan ansyen prezidan Aristide.

Nan yon ti koze ak laprès nan Pòtoprens, yon pòt-pawòl Misyon Nasyonzini pou Stabilize Ayiti a (MINUSTAH) deklare krim sa a pap anpeche òganizasyon entènasyonal la mentni angajman li pran pou li tabli sekirite nan tout kwen nan peyi a, nan okazyon pwochen eleksyon yo. Rotchild François, Jr. gen detay nouvèl sa a.

Zak vyolans yo ap kontinye nan moman yon zotobre Depatman Deta ameriken an, Sou-Sekretè Deta Nick Burns, t'ap fè yon vizit nan kapital ayisyèn nan. Msye Burns rankontre responsab gouvènman pwovizwa a, manm Sosyete Sivil la, ak otorite elektoral yo pou li renouvle angajman Etazini anfavè bon jan eleksyon ann Ayiti. Koute Jn-Max Blanc pou detay.

Nan Washington, yon pòt-pawòl Depatman Deta--Sean McCormack-- te reponn kesyon jounalis sou pawòl ki fè kwè lidè avi pati Fanmi Lavalas la, Jn-Bertrand Aristide, ta kapab retounen nan peyi d Ayiti sizoka tokay li René Préval ta moute Prezidan.

Pandansetan, gwo dout kontinye plane sou dat eleksyon yo akòz divès kalte pwoblèm, pa egzanp kat elektoral ki ta kapab pa fin distribye anvan delè 8 janvye 2006 la. Nan Sen-Mak nou gen Galilée Périlus.

Anfen nan Jacmel, yon enspektè lapolis anba kòd poutèt li sanble ta mele nan lanmò yon jenn gason ki te prizonye nan Thiotte. Jean Martinez di nou obsèvatè lokal yo wè arestasyon responsab lapolis la tankou yon lòt prèv ankourajan ke pèsonn pap ka vyole lalwa san li pa peye pou sa.

Fè klik sou ralonj ki anlè atik sa a pou w ka tande tout nouvèl yo.

XS
SM
MD
LG