Accessibility links

Breaking News

Final Koup du Mond Klub yo Fikse pou Dimanch


Football

Klub Football Ostralyen FC Sidney kale 2 a 1 klub Ejipsyen Al Ahly pou l fini an 5 kièm pozisyon nan chanpyona du mond football klub yo kap dewoule nan vil Tokyo O Japon. Final la fikse pou Dimanch ak rankont ant klub Brezilyen Sao Paolo ak klub Angle Liverpool. Klub Sawoudyen Al Ittihad ap rankontre ak klub Kosta Riken Deportivo Saprissa nan match konsolasyon an.

Shòk nan 8 tièm de final tiraj osò Lig dè klub chanpyon Europeyen an lè Chelsea ap rankontre ak FC Barselòn/ Lyon kont PSV Eindovhen/ Arsenal kont Real Madrid epi Milan AC ap rankontre Bayern de Munich, Werder de Brem kont Juventus de Turen, Ajax Amsterdam ap rankontre ak Inter de Milan, Benfica de Lisbon kont Liverpool epi Glasgow Rangers kont Villa-real-- Match ale a fikse pou Madi 21 e Mèkredi 22 Fevriye -- match retou a fikse pou 7 e 8 Mas.

Nan 16 zièm de final Koup Unyon Football Europeyen an nap gen kèk bèl rankont tankou Middlebrough kont Stuttgart. Bolton kont Marseille, Shalk 04 kont Espanyol. Match ale a fikse pou 15 a 16 Fevriye-----match retou a fikse pou 23 Fevriye. Nan kèk lòt rankont Hertha Berlen pral woule balon fas a Rapid de Boucharest. FC Bruges kont AS Rome. FC Bal kont Monaco, Lokomotiv de Moscou kont F.C Seville. Slavia de Prag kont Palerme

Nan lig football balon-won ameriken an San Jose Earthquakes ap kite San Jose pou l tabli katye jeneral li nan Houston nan eta Tegzas--pami rezon ki dèyè desizyon sa-a: se posibilite pou gen plis fanatik ki al asiste rankont yo.

NBA

Michael Finley kap jwe nan San Antonio Spurs make 21 pwen pou ede Spurs yo ranpòte yon viktwa de justès 90 a 88 devan Minnesota Timberwolves malgre Kevin Garnett make 24 pwen e trape balon an 21 fwa. Nan Seattle, Tracy McGrady make 34 pwen nan viktwa Houston Rockets ranpòte devan Seattle Supersonics 104 a 98. Lebron James make 26 pwen pou pèmèt Cleveland Cavaliers danse sou Denver Nuggets 94 a 85.

Yon lòt kote, basketè chinwa Yao Ming nan tèt lis jwè ki resevwa plis vòt pou reprezante Konferans de Lwès la nan okazyon match tout vedèt ki fikse nan Houston nan dat 19 Fevriye. Lòt jwè ki ranmase vòt se Kobe Bryant, Tracy MacGrady. Nan Konferans de Lès la Lebron James nan tèt lis la devan Shaquille O’Neal, Allen Iverson. Fanatik yo gen juska 22 Janvye pou seleksyone jwè yo ta renmen patisipe nan match pibon pami pibon ant konferans de Lès la ak Lwès la.

XS
SM
MD
LG