Accessibility links

Breaking News

Kourè Ameriken Tim Montgomery Anonse Retrèt li


Atletisme

Kourè ameriken Tim Montgomery aj Christee Gaiines dwe ranbouse plizyè milye dola li te ranpòte nan konpetisyon depi 2001 apre Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal rekonèt li koupab pou uzaj anabolizan nan eskandal Laboratwa BALCO. Responsab yo jwen Montgomery koupab ansanm Christe malgre li pa janm teste pozitif men nonn te site nan eskandal la kòm yon konsomatè substans nutritif THG ke tès anti dròg normal pat kapab detekte. An plis de lajan msye touche pandan periòd la lap pèdu tout meday ak rekò li te bat pandan periòd ki kòmanse an 2001. Rezulta Gaines te ranpòte depi 30 Novanm 2003 anule. Tim Montgomery, ki gen 31 ane, deklare nan jounal Los Anjeles Times lap mete fen nan karyè l nan moman lap purje yon suspansyon 2 zan.

NBA

Houston Rockets remonte yon defisi pou l kale Golden State Warriors 111 a 105. Los Anjeles Lakers bimen Memphis Grizzlies 94 a 79. New Orleans woule Los Anjeles Clippers 102 a 89. Chikago Bulls tronse Toronto Raptors 105 a 94. Philadelphia 76ers te fè anpil efò avan li kale Atlanta Hawks 106 a 101. Finalman Charlotte Bobcats ranpòte la vikwa devan New Jersey Nets 91 a 83. Portland Trailblazers tonbe devan Utah Jazz 82 a 77. New York Knicks fè bèk atè devan Orlando Majik 105 a 90. Miami Heat ki gen yon nouvo antrenè tronse Milwaukee Bucks 100 a 83. Detroit Pistons pat gen pwoblèm pou l kale Sakramento Kings 109 a 98 san bliye Boston Celtics ki tronpe vijilans Indiana Pacers 85 a 71.

Football

Federasyon football ameriken an anonse Etazuni pral jwe yon match amikal ak Almay nan Dortmund 22 Mars. Avan rankont sa a ti mesye tonton Sam yo gen pou rankontre ak Kanada 22 Janvye nan San Diego Kalifòni avan yo rankontre al Norvèj 7 jou pita nan Karson toujou nan Kalifòni epi le 10 Fevriye ameriken yo ap rankontre ak Japon nan San Francisco. Gen posibilite pou Etazuni rankontre ak Gwatemala 19 Fevriye e pwobableman yon peyi Europeyen 1 Mars.

Boca Junior ranpòte 21 nièm tèt li nan chanpyona Arjanten an gras ak yon viktwa 2 a 1 li ranpöte devan Olimpo. Boca Junior ranpòte tit la 3 jou avan yo rankontre klub Meksiken Pumas UNAM nan okazyon final retou Kopa Sud Ameriken an. 2 ekip yo te fè match nul 1 a 1 nan match ale a.

4 klub jwen tikè pou yo patisipe nan pwochen tou koup UEFA a malerezman chanpyon sòtan an CSKA elimine nan konpetisyon an. Klub Italyen AS Ròm, klub Angle Bolton, klub Swis FC Bal ak klub Olandè Heerenven pou pote total la ak 17 klub ki kalifye an plus de 8 lòt klub Lig dè chanpyon an ki desann nan Koup UEFA a. Jodi a gen 7 lòt klub kap kalifye.

Demen Vandredi a tiraj osò 8 tièm de final Lig dè Chanpyon Europeyen an ap dewoule ak patisipasyon Lyon, Chelsea, Bayern de Munich, Ajax Amsterdam, Werder de Brem, Benfica de Lisbon, PSV Eindhoven ak Glasgow Rangers, Juventus de Turen, Milan AC, FC Barselòn, Real Madrid, . Tiraj osò 16 zièm e 8 tièm de final koup UEFA a ap fèt nan menm jounen an.

Nouvèl ki gen rapò ak koup du mond, Meksik woule la Hongri 2 a 0. la Frans anonse lap diskute 3 match chofe jarèt nan kad preparatif koup du mond Almay 2006 la. Franse yo ap rankontre ak Slovaki le 1 Mars. Responsab yo ap diskute ak Jamayik, Meksik, Danmak, Paragwe, Findland, Kanada, la Chin ak Japon pou kèk lòt match amikal. Franse yo ta renmen jwe dènye rankont yo le 27 Me avan yo mete tèt pou Almay 8 Jwen avan yo rankontre ak la Swis 13 Jwen. Franse yo kapab diskute yon kwadrangulè nan Beljik soti 2 pou rive 4 Jwen.

Defansè ekip Bordeaux, Kodjo Afanou ki te pran nesans nan Togo, deside pa reponn apèl antrenè seleksyon an te lanse pou l te jwe pou seleksyon an nan Koup dAfrik dè Nasyon 2006 la. Antrenè seleksyon an Nijeryan Stephen Keshi konvoke 38 jwè pou patisipe nan seyans dantrenman yo a pati de 27 Desanm.

Yon lòt kote otorite Britanik yo anonse yo pral fè tout sa yo kapab pou anpeche plis pase 3 mil machann dezagreman yo idantifye kite peyi a pou ale asiste koup du mond football la an Almay. Otorite yo estime anviwon 100 mil fanatik Angle kapab fè deplasman an Almay pou al supòte seleksyon Angle a. Konpayi ekipman spòtif Adidas ap patwone seleksyon Trinidad and Tobago kap patisipe pou la premyè fwa nan yon koup du mond. Klike sou ralonj ki anlhè atik sa a pou tande envite n nan Dosye Spò.

XS
SM
MD
LG