Accessibility links

Breaking News

Grèv Majistra Ayisyen yo Pou Pwoteste Kont Revokasyon 5 Jij Kou Kasasyon


Reyaksyon negatif ap kontinye tonbe apre desizyon Prezidan pwovizwa ayisyen an, Boniface Alexandre, anonse nan yon “arrêté” prezidansyèl, vandredi ki sot pase a, pou li ranplase 5 majistra nan tribinal siprèm nan--Lakou Kasasyon. Ekspè tout tandans, lidè politik, ak obsèvatè òdinè siyale ke Konstitisyon ayisyèn nan entèdi yo revoke Jij Kou Kasasyon anvan manda yo bout. Jodi a, asoyasyon nasyonal majistra yo, ANAMAH, fè konnen tout jij nan peyi a pral sispann travay pandan semèn sa a, pou yo pwoteste kont desizyon Prezidan pwovizwa a.

Fè klik sou ralonj ki anlè foto a pou w tande deklarasyon ANAMAH a ak analiz korespondan nou nan Pòtoprens.

XS
SM
MD
LG