Accessibility links

Breaking News

Tikè pou Faz Final Koup du Mond la Rekòmanse Vann Jodi a


FIFA Koup du Mond

Tikè pou faz final koup du mond football Almay 2006 la ap kòmanse vann jodi a kèk jou apre tiraj osò finn dewoule. Fanatik yo omwens gen yon ide sou advèsè seleksyon yo ap rankontre nan premye tou a.. Responsab yo fè konnen pa gen anpil tikè ki rete pou semi final ak final la. Responsab yo fiske yon delè pou tikè sa yo ki pap depase 15 Janvye avan yo òganize yon loteri pou seleksyon fanatik kap gen chans asiste final la ak semi final la.

Nouvèl ki gen rapò ak koup du mond la fè konnen fanatik ak responsab seleksyon Togo a, kap patisipe pou la premyè fwa nan faz final yon koup du mond espere fè mirak nan premye tou konpetisyon an. Togo nan menm group ak la Frans, la Swis ak Kore du Sud. Nap raple Senegal te kale la Frans 1 a 0 nan koup du mond Japon/ Kore du Sud la.

Group ki sanble pi difisil la se group C- a ki gen ladann Arjantin. Kote Divwar, Sèvi ak Montenegro, la Oland. Kèk enterogasyon nan group F la ki gen ladann Brezil, Kwasi, Ostrali ak Japon ki gen nan tèt li ansyen vedèt Brezilyen Ziko. Etazuni, ki te renmèt yon bèl palmarès nan dènye edisyon an, pral gen pou l fè anpil efò nan group E a lè yap rankontre ak Itali, Gana ak Republik Tchèk. Nan group B a Angletè gen pou l afwonte la Swèd, Paragwe ak Trinidad and Tobago, reprezantan Karayib la. Portugal pa ta dwe rankontre ak twòp difikilte nan group D a ki gen ladan Angola. Espay ki kalifye pa repechaj figure nan group H la ansanm ak Ukrèn, Tunizi ak Arabi Sawoudit.

Kosta Rika trouve l nan menm group ak Almay, la Polòy ak Ekwatè--sa vle di Alman yo pa ta dwe rankontre oken difikilte pou l pase nan 2 zièm tou a. Bò kote pa l antrenè seleksyon Brezil la, Alberto Parreira fè konnen seleksyon an ta dwe jwe 3 match chofe jarèt pou pipiti avan li kòmanse defann tit konpetisyon an. Dapre nouvèl yo Angletè ak Republik Tchèk deja ekate posibilite pou yo ta rankontre ak Brezil le 1 Mas.

Prezidan FIFA a Sepp Blatter mande pou klub yo genyen yon minimum 6 jwè lokal pou limite kantite jwè etranje kap evolye nan klub yo. Msye Blatter lonje dwèt sou yon seri de klub Europeyen tankont Liverpool, Bayern de Munich ki gen sèlman 2 jwè lokal kap evolye nan klub sa yo.

Klub football Kosta Riken Deportivo Saprissa kalifye pou semi final koup du mond dè klub kap dewoule nan vil Tokyo o Japon gras ak yon vktwa tou mens 1 a 0 yo ranpòte devan klub Ostralyen FC Sidney. Saprissa pral rankontre nan semi final la ak klub Angle Liverpool Jedi. Avan sa klub Sawoudyen Al Ittihad kalifye pou semi final la gras ak yon viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan klub Ejipsyen Al Ahly ki pat janm pèdu yon match pandan 55 rankont. Sawoudyen yo ap rankontre ak klub Brezilyen Sao Paolo Mèkredi . Venkè rankont la ap kalifye pou final la ki fikse pou 18 Desanm.

Sou kontinan Eropeyen an, An Angletè Arsenal tonbe devan Newcastle 1 a 0 yè dimanch la. Diego Maradona manifeste entansyonn pou l ranplase Alfio Basile nan tèt klub arjanten Boca Junior. An Espay Real Madrid ranpòte yon viktwa 2 a 0 devan Malaga nan okazyon 15 zièm jounen chanpyona a. An Itali Juventus de Turen pase Calgliari yon rakle 4 a 0 pou l konsève pozisyon lidè chanpyona Italyen an ak yon palmarès 14 viktwa 1 defèt

Football Ameriken

Plizyè ekip nan chanpyona football zèpòl kare toujou gen posibilite pou kalifye pou faz final la apre viktwa yo ranpòte yè Dimanch la nan okazyon 13 zièm jounen konpetisyon an. New York Giants te bezwen pwolongasyon pou l kale Philadelphia Eagles 26 a 23. Dallas Cowboys remonte yon defisi pou l kale Kansas City Chiefs 31 a 28. Nan menm divizyon an Washington Redskins konsève chans li apre viktwa 17 a 13 yo ranpòte devan Arizona Cardinals. Indianapolis Colt kale Jacksonvil Jaguars 26 a 18 pou ranpòte 13 zièm viktwa afile yo. Aswè a New Orleans Saints pral lakay Atlanta Falcons nan kad match ki jwe chak Lendi

NBA

Apre 5 semen absans, Shaquille O’Neal retounen pou l ede Miami Heat kale Washington Wizards an pwolongasyon 104 a 101. Sakramento Kings pilon-nen New Orleans Hornets 110 a 100. Detroit Pistons fè menmman parèyman pou l kale Los Anjeles Clippers 109 a 101. Houston Rockets toupizi Portland Trail Blazers 100 a 86.

Atletisme

Kourè Kenyan Jimmy Muindi ranpòte marathon Honolulu a pou yon 5 kièm fwa afile. Rus Olesya Nurgalieva ranpòte kategori meda m yo. Plis pase 28 mil atlèt te patisipe nan konpetisyon an pami yo 17 mil ki soti O Japon.

Tribunal Abitraj Entènasyonal la anonse lap pwononse l sou demand an apèl kourè amerken Tim Montgomery ak Christe Gaines sou entèdiksyon avi yap fè fas. 2 atlèt yo te enplike nan skandal anti dopaj dròg yon laboratwa nan Kalifòni.

Yon lòt kote kourè Britanik Dwain Chambers kap purje yon suspansyon 2 zan nan eskandal dopaj laboratwa kaliffònye Balco kapab pèdu meday li te ranpote an lan 2002 apre li rekonèt li te konsome dròg THG 18 mwa avan dewoulman konpetisyon dapre anons responsab Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal la.

XS
SM
MD
LG