Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Ayisyen an Anonse L'ap Demisyone 7 Fevriye


Chèf gouvènman ayisyen an, Premye Minis Gérard Latortue, bay Sèvis Kreyòl Vwadlamerik la yon interview espesyal tousuit apre li te pran lapawòl nan Oganizasyon Eta Ameriken (OEA), vandredi 2 desanm 2005 la.

Nan ti koze sa a, kote Msye Latortue te reponn kesyon nan lang Kreyòl, Fransè, Anglè ak Panyòl, li fè kèk deklarasyon enpòtan. Pa egzanp, li di:

  • L'ap remèt demisyon n 7 fevriye selon lespri akò 2004 pou tranzisyon politik la (men l'ap rete pou likide afè kourant annatandan nouvo Prezidan an ranplase li). MINUSTAH ak Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) gen yon plan pou yo asire sekirite eleksyon yo. Pa ta dwe gen pwoblèm pou seremoni prete sèman an dewoule 9 jou apre dezyèm tou a, malgre sa kèk kritik ap di. Pouvwa tranzisyon an pap defann pèsonn e li pa kont pèsonn nonplis. Apre eleksyon yo, li dispoze travay nan diaspora a pou pouse lide yon chanjman nan manman-lwa peyi a, pou pèt Ayisyen ki gen paspò etranje vin gen dwa vote e poze kandidati yo pou nenpòt fonksyon nan leta.

Fè klik sou ralonj ki anlè tèks sa a pou w ka tande pati kozman an ki an Kreyòl kote Premye Minis Latortue t'ap reponn kesyon Chérubin Dorcil.

XS
SM
MD
LG