Accessibility links

Breaking News

Gala Koup du Mond Almay 2006 la fikse pou 7 Jwen


Football

FIFA anonse pwogram Gala pou ane pwochèn-nan anvan Koup danvwa Mondyal 2006-la ann Almay. Gala sa-a ap dewoule le 7 juin 2006 nan Stad Olempik Berlen-an. Atis lejandè muzik Pop-la Peter Gabriel, chanteuz dopera Jesse Norman ak Gwoup Hip-Hop Black Eye Peas sou lis vedèt kap pèfòme nan okazyon-an. Tikè pou gala sa-a kòmanse an vant jodi mèkredi-a e yo koute ant 117 e 882 dola. Koup Danvwa Mondyal 2006 ann Almay-la se 9 juin nan vil Munik. Lap fini 9 juyè.

Federasyon Entènasyonal Foutbòl-la tande 22 moun nan premye faz entèwogatwa apre ensidan ki te dewoule 16 novanm pase a nan vil Istanboul nan match baraj ant la Turki ak la Swis. 22 moun sa-yo se jwè 2 ekip-yo, ofisyèl nan FIFA ak antrenè responsab. Komisyon disiplinn FIFA presize, premye demach sa-a pa vize sanksyon ,li plis gen rapò ak yon evaluasyon sou ensidan-an. Fòk nou tann 2006 pou nou konnen desizyon final-yo.

Kèk nouvèl an brèf nan foutbòl : *Nan yon ti moman la-a se ap koup danvwa 4e jounen Koup UEFA-a avèk yon pakèt bèl afich. *Antrenè klub anglè Arsenal Arsène Wenger demanti nouvèl ki ta fè kwè ke-l ta dispoze al ranplase Vanderlei Luxembourgo nan Real Madrid. Li raple kontral ak Arsenal ap fini an 2008. *Gardyen entènasyonal espayòl Iker Casillas pwolonje kontral pou 5 kan ak Real Madrid pou yon montan ki preske rive 10 milyon dola ak 2 lòt milyon an plis an fonksyon de pèfòmans. Gen nouvèl ki fè konnen Manchester United te ofri Casillas anviwon 30 milyon dola, men gadyen-an toujou gen yon preferans pou klub dorijin-ni ki se Real Madrid.

*Jurgen Klisman kap antrene seleksyon almand-la presize kontral ak ekip-la ap fini an juyè 2006, e sanble li vle ale menm si ekip-la ta ranpòte Mondyal 2006-la. Carlos Alberto Pareira , antenè Brezil-la di li espere Ronaldinyo ki sot ranpòte prim Balon dò Frans foutbòl-la rive nan mondyal 2006-la ak menm enèji paske li tout bagay pou-l tounen “ l’Etoile du Mondial ”.

Yon lòt kote defansè seleksyon football Arabi Sawoudit Hamad Al Montashari nonmen kòm meyè footbalè pou kontinan Azyatik la aloske Japon ranpòte prim meyè seleksyon football pou kontinan an nan yon seremoni ki dewoule nan Kuala Lumpur an Malezi.

NBA

Milwaukee Bucks ranpòte yon viktwa de justès 113 a 111 devan Dallas Mavericks gras ak debutan Andrew Bogut ki bloke yon balon nan fen tan reglemantè a. Nan lòt rankont Los Anjeles Clippers van-nen Minnesota Timberwolves 93 a 84. Djòb-la pat fasil pou San Antonio Spurs ki kale Los Anjeles Lakers 90 a 84. Bèl operasyon pou Houston Rokets devan Altanta Hawks 100 a 85. Chikago Bulls woule Orlando Majik 85 a 76. Utah Jazz tonbe devan Indiana Pacers 84 a 60. Sakramento Kings van-nen Charlotte Bobcats 110 a 92 san bliye Philadelphia 76ers ki matirize Portland Trailblazers 107 a 83.

Responsab spòtif yo an Itali inogure ansye stad ki te an reparasyon nan kad preparatif pou je zolenpik divè yo kote seremoni douvètu ak klotu pral dewoule. Stad la ki te rele stad Mussolini lè l te inogure an 1933 rele kounye a stad Olenpik pou Je zolenpik Divè yo. Responsab yo depanse plis pase 35 milyon dola pou reparasyon stad la ki gen yon kapasite 35 mil plas. Torino, yon klub football nan vil Turen pral jwe rankont footbal chanpyona Italyen an nan stad a pati de pwochen sezon an. Juventus de Turen kapab jwe nan stad sa a tou lè lap repare stad la.

XS
SM
MD
LG