Accessibility links

Breaking News

Prezidan KEP a Deklare Kalandriye Elektoral la Pap Chanje Ankò


Youn nan pinga klas politik la ap voye bay responsab òganizasyon eleksyon yo nan peyi d Ayiti apre piblikasyon nouvo kalandriye elektoral la se pou tout "tèjivèsasyon" fini, pou nou repete lidè pati Fusion an, Serge Gilles. Ebyen, nan yon ti koze ak yon korespondan nou, Prezidan KEP a, Max Mathurin deklare fwa sa a, wè pa wè, eleksyon yo pral dewoule nan dat yo prevwa a, sètadi 8 janvye ak 15 fevriye pou Prezidan ak palmantè epi 5 mas pou majistra ak kasek.

Fè klik sou ralonj anlè tèks la pou w ka tande repòtaj Galilée Périlus la depi vil Sen-Mak.

XS
SM
MD
LG