Accessibility links

Breaking News

Plizyè Kandida ak Lidè Politik Mande Ranvwaye Eleksyon yo


Yon kandida kap patisipe nan eleksyon prezidansyèl yo an Ayiti swete ranvwa eleksyon yo akoz twòp pwoblèm enstitisyon elektoral la ap fè fas. Korespondan nou Rotchild François Junior di nou anons sa a fèt nan moman kominote entènasyonal la ap fè presyon pou yon nouvo prezidan enstale nan Pòtoprens 7 Fevriye 2006.

Konsèy Nasyonal Pati Politik yo lanse lide pou eleksyon jeneral yo ta dewoule nan kòmansman ane pwochèn nan, yon fason pou konsèy elektoral la genyen tan li bezwen pou li mete an plas mwayen teknik ki nesesè yo. Korespondan nou Jean Pierre Leroy gen detay depi Pòtoprens.

Sepandan, se pa tout sektè ann Ayiti ki ta renmen eleksyon yo ranvwaye. Nan Latibonit, kèk kandida menase pou yo pa patisipe nan vòt la si l’ pa òganize nan fen ane a. Yon korespondans Duc Jonathan Joseph depi vil Gonayiv.

Klike sou ralonj ki anlè tèks la pou w koute repòtaj sa yo.

XS
SM
MD
LG