Accessibility links

Breaking News

Roger Federer ak Lindsay Davenport Numewo 1 Tennis Mondyal


Tennis

Finalman Arjanten David Nalbandian jwen bout numewo 1 tenis mondyal la Swis Roger Federer nan yon match maraton. Nalbandian kale Federer an 5 manch 6-7, 6-7, 6-2, 6-1,7-6. Defèt ki fè Federer fini ane a ak yon palmarès 81 viktwa 4 defèt epi ki mete fen nan 35 viktwa Swis la. Malgre defèt la Federer fini ane a kòm numewo 1 mondyal pou yon 2 zièm ane afile. Pou ane a Federer ranpòte 11 tit pami yo 2 gran Shelem pa rapò ak adolesan espayòl Rafael Nadal ki ranpòte 11 tounwa a pami yo Roland Garos la.

Bò kote meda m yo ameriken Lindsay Davenport fini ane a kòm numewo 1 mondyal devan Bèlj Kim Clijsters, Amelie Mauresmo, Maria Sharapova, Marie Pierce, Patty Schnyder, Justine Henin-Hardenne, Nadia Petrova, Elena Dementieva ak Venus Williams.

Football

F. C. Barselòn krabinen Real Madrid 3 a 0 Samdi nan stad Santiago Bernabeu a nan okazyon yon rankont klasik ki jwe nan Lig football Espayòl la. Ronaldinho make 2 gòl pandan rankont la. An Angletè Chelsea tronse Newcastle 3 a 0 pou l rete nan tèt chanpyona a. An Itali Juventus de Turen pran yon avans 5 pwen nan chanpyona Italyen apre li pilon-nen AS Rom 4 a 1 nan stad Olenpik Wòm nan. Franse David Trezeguet make 2 pwen nan viktwa a. Fiorentina danse sou Milan A C ak yon viktwa 3 a 1. An Almay atakan Peruvyen Claudio Pizarro make 2 gòl nan viktwa 2 a 1 Bayern de Munick ranpòte devan Arminia Bielefeld. An Frans Lyon ranpòte 7 tièm viktwa l gras ak yon swif 2 a 1 yo ranpòte devan Troyes. Viktwa ki mete ekip Lyonè a ak 12 pwen devan Pari Sen Jermen ki kale Bordo 2 a 0.

3 ansyen chanpyon Europeyen ap sou teren an semen sa a nan kad avan dènye jounen chanpyona Lig dè Chanpyon Europeyen an. FC Porto ki te ranpòte edisyon 2004 la kapab pa kalifye pou pwochen tou a si yo pa kale Glasgow Rangers Mèkredi nan group H la. Yon defèt Manchester United fas a Villareal ak yon viktwa Lille sur Benfika vle di Manchester United ap desann nan Koup UEFA a.

Milan AC ap retounen nan Istabul kote li pral rankontre ak Fenerbach. Bagay yo sanble yo pi fasil pou Chelsea ak Liverpool ki sanble pa ta gen pwoblèm pou yo pase nan pwochen tou a.. Juventus de Turen ak Bayern de Munich toujou favori pou pase nan group A a akondisyon yo fè match nul fas a F. C. Bruges ak Rapid de Vyèn. Nan group H la Inter de Milan bezwen yon nul lè lap rankontre ak Armedia Bratislava nan group H la. Nan group E a PSV Eidhovein bezwen yon viktwa lè lap rankontre ak Shalke 04 kèlke swa rezulta Milan AC ta jwen lakay Fenerbach. Gen 4 klub ki deja gen tikè yo pou pwochen faz la. Barselòn, Arsenal, Lyon ak Real Madrid ki kapab pa gen sèvis Raul pandan 2 pwochen mwa yo akoz blesu.

Klub football Maroken FAR Rabat kale klub Nijeryan Dolphin 3 a 0 pou l ranpòte koup Konfederasyon Afriken an

Football Ameriken

Indianapolis Colt ranpòte 10 zièm viktwa afile l nan lig football zèpòl kare apre yo tronse Cincinnati Bengals 45 a 37. Denver Broncos pat rankontre oken difikilte pou l wonpi New York Jets 27 a 0. Baltimore RAvens fè match nul 13 a 13 ak Pittsburgh Steelers an pwolongasyon. Washington Redskins tonbe devan Oakland Raiders 16 a 13. Aswè a Minnesota Timberwolves pral lakay Green Bay Packers.

NBA

Malgre Kobe Bryant make 43 pwen pa anpeche Lakers yo tonbe 96 a 93 devan Chikago Bulls. Toronto Raptors pwofite absans Shaquille O’Neal pou l kale Miami Heat 107 a 94. Los Anjeles Clippers kontinye ap suprann moun apre li kale Golden State Warriors 113 a 101. Houston Rockets tonbe devan Indiana Pacers 85 a 74, Seattle Supersonics ranpòte yon viktwa tou mens devan Sakramento Kings 106 a 104. New York Knicks ranpòte yn viktwa a domisil fwa sa a devan Portland Traiblazers 103 a

Atletisme

Kourè Kenyan yo fè koukouwouj nan maraton Philadelphia. Joseph Nderitu ranpòte maraton an an 2 zhè-21 minit--2 sekond. devan konpatriòt li Joshua Koros ak Joseph Kamau. Emily Kroshus ranpòte kategori meda m yo devan Rus Larisa Michailova. Kourè Etyopyen Haile Gebreselassie ranpòte kous atlstis 7 kolin nan ki kouvri yon distans 15 kilomèt devan Eritreyen Zersenay Tadesse ak adolesan Kenyan Bernard Kipyego. Ajans Anti Dopaj Ameriken an gen pou l tande depozisyon kourè siklis ameriken Tyler Hamilton ki resevwa yon suspansyon 2 zan pou dopaj depi 18 Avril. Hamilton te ale an apèl devan Tribunal Spòtif Entènasyonal la ki gen pou tande 2 pati yo 10 Janvye 2006.

XS
SM
MD
LG